MD • Mechans-T

ADDED BY DIDIER (MAY 25, 2020 AT 1:01 PM) 1,242 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020
Produced by: SousBeat
Lyrics by: Mechans-T

[Intro]
MechansT jistan kris pran m nigga
Sous Beat ou pa nan afè beat m prese
M pa menm gen tan menm
On istwa de viza, de zavi, de avis
De vizaj ah

[Hook]
Pale de machin pale de kay, franchman mwen deçu
Pale de manje, pale de bwè bon jus, mwen deçu
Pale de monnen, pale de lòt peyi, mwen deçu
Pale de *** pale de viza mwen deçu

[Verse 1]
Di on bagay san w pa byen ebu pa vle di konesans
Jan PIC di l lè w gen lespri sal sa ka gen konsekans gran frè
Gon pati moun ki pral sa kontresans
Men fò w ka di talan w nan zwit si wap fè zero tolerans mon frè
Franco this, franco that, franco love
Ou pale de on sel bagay ou mèt rele tèt ou Franco Jòf
Franco this Franco what, Franco chòj
Kounya m vle tout moun rezo sosyo nèt rele w Franco pòv
Se pa tout moun ki bwè kleren k pantan pou hennesy
M tal pran w pou on original e franchman mwen deçu
W pa menm konsa wap fè ak lavi jis kounya ou endesi
Tande non enbesil ou di m fenk gen resi
M te ka kraze ti kal karyè w la ak yon grenn defi
Pou w montre m kote w jwe pou kò w ou vin a on grenn resi
E aprann sa moun ki bezwen pap nan di l gen ceci
Antouka tande non Donald mwen m sou plis ke 20 refu
Ah nou just ap fe rezistans
Ann met tet ansanm koz nou bay fan yo repiyans
Biznis lan pòv a mò e n ap fon game plen penitans
Viza pa yon reyisit bon Masterbrain gen rezidans

[Hook]

[Verse 2]
M anvi konprann sa k fò w vin fou a yo se paske w konfine
Kòm yo di w pa konn fimen san w bagay mwen vle konfime
Karyè Franko pòv sanzanbaj gen pou pase kon fime
Se nòmal pou w manje pase m si w lage w nan konprime
Game sa pa game pa w ti Franco sorry si w wè nwa
Epi ki pwob si ta kraze m m tap dòmi sou Delmas
E nèg lari ki pa gen kay yo antouka w ap fè makak dò
Peye w pou fe jòf san Kenny ou patap kapab dò
Lè n wè w ap ban m woulib menm lè s on ansyen Rav4 dò
Kòm m tande w Sen Domeng Jovenel di w vin plante patat dò
Ti kòb antre men si m te vle m te ka fè l pou lwazi
Mwen apresye efò w pat fèt nan on fanmi boujwazi
Men grann mwen atis li gon viza s on koutwazi
M kwè w tap viv on lòt jan si se ou k te gen pouvwa pou w chwazi

[Hook]

[Outro]
Bagay sa yo fè tèt mwen fè m mal amò
Antouka ni machin ni viza ni kay ni diri blan ni ji papay
Ni tout sa w di rap ba ou yo pa ebranle m
M jis kontan paske l ede w peye lekòl pitit ou
Edikasyon se kle
Antouka yo toujou di w sa, yo toujou di w reyisit on moun depann de objetif li
So m pa ka kont nèg la
Antouka e bon kite l mache
MD