LòLò A Manzè • Master Brain

ADDED BY GEN11 (SEP 15, 2019 AT 8:51 PM) 7,972 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2019
Produced by: Bbo Beat
Lyrics by: Masterbrain

[Intro]
Bbo beat
Si w wè m pa janm pè di m sa m santi
Se paske m pa vle pèdi sa m anvi

[Verse]
Youn k ap pou mwen menm lè tout moun kont nou ansanm
Menm lè w wè n poukont nou pou wè n poukont nou ansanm
Youn kap di lanmou doudou tout sa se lanmou doudou
Pou l fè m di thank you dèske w fè m kwè nan lanmou boubou
Avan m mouri m pwomèt ou fòk mwen kourone dwèt ou
E si sa pa fèt yon jou menm nan sèkèy la m tap wont ou
M tap boule nan mòg la nan kadav mwen m tap fon lòt twou
Paske lanmou san ou se yon zonbi k pral mouri chak jou – facts
M pa bezwen on relasyon kòkòt ak figaro
M wè twòp fake relasyon Juliet ak Romeo
Youn ki renmen m m renmen tou
Pou nou renmen renmen nou
Pou nou renmen jan n renmen an tankou Lòlò a Manzè

[Chorus]
Pou nou renmen lòt tankou Lòlò a Manzè
Wi pou nou damou lòt tankou Lòlò a Manzè
Youn sipòte lòt tankou Lòlò a Manzè
Pou youn respekte lòt tankou Lòlò a Manzè
Pou nou renmen lòt tankou Lòlò a Manzè
Wi pou nou damou lòt tankou Lòlò a Manzè
Plede fè timoun tankou Lòlò a Manzè
Timoun ki sanble ak nou tankou

[Verse]
K ap ouvri pòt kè l ban m antre lè lokal mwen an pa vle m
K ap raple m kiyès mwen ye lè moral mwen anba pye m
Fò l pa pè echèk a chòk chak le bagay yo pa chik
Fò l kè m pike m dous tankou tabasco a sik
Pou l fè m ti bebe kounya son bebe m pa ka tann nou fè
Lè n gad tèt nou pou n di wow pou n di gad sa lanmou fè
E si w wè m pa janm pè di sa m santi
Se paske m pa vle pèdi sa m anvi so
M pa bezwen on relasyon kòkòt ak figaro
M wè twòp fake relasyon Juliet ak Romeo
Youn ki renmen m m renmen tou
Pou nou renmen renmen nou
Pou nou renmen jan n renmen an tankou Lòlò a Manzè

[Chorus]

Lè m di babe do you love me pou l di yes booboo I do
Can you live without me non non on san ou m ap fou
Pou l defann mwen lè fanmi l trete m grapyay ti vòlò
Lè m di Hi ti babe pou l di m hi ti Lòlò
Lè giyon ap pale m tèt frèt kè m pa sote
Lè bouch nou long n ap pyout pyout
Yo menm tchuipe yap tchuipe
Nou pa prese ti pa ti pa lè l nan ka m nan ka
Menm lè m bwè l pran pòz sou pou n pale pawòl tafya
Move payas pa gen chans kraze sa zero tolerans
Sensè wi je chèch non relayson pa gen rans
Moun damou va chante listwa nou nan tout chan d’esperans
Suit on Lòlò tèm a Manzè kounya gouyad eksperyans

Paw
[Keyboard solo]
Pipo Beats

[Chorus]

Pozo papa epi Masterbrain

[Guitar]