Kraze Lit La • Blaze One

ADDED BY ZOKLO (NOV 7, 2019 AT 10:34 PM) 5,637 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2019
Lyrics by: Blaze One

[Refren]
Atis yo kraze lit la
Pran kòb boujwa pou yo fè mach vre
Pa gen yo youn ki avèk pèp la
Pou pa pèdi sponsor yo tou fè lachte
Men di m sa k te bay Jovenel pouvwa
Menm boujwa santi yo ki te plase l
Nan karayib la si n wè pi ba
Paske Ayisyen nou pap revòlte

Boulos ou kraze lit la
Dimitri ou kraze lit la
Youri Latortue ou kraze lit la
Men Lambert vin kraze lit la

[Verse]
Pèp la ap bout li pa kapab tèlman yap presire l
Ak kiyès li pral fè konfyans lavi li yap retire l
Tout vin nan lit avèk ide pou dirije l
Ide pou oprese l
Fè deal ak mèsenè pou yo plede tiye l
Men ann gade pou jan n ap viv èske s on mal yo fè n
Pou jan Bigay tap souse sann pou pral pran Ano fèl
Pèp Ayisyen an reziye l ak pwoblèm
Sa tèt poko pete l ap mande èske se bal yo k pè l
Ou vle batay di m non
Rayi tèt ou di non
Linyon fè fòs nou pouki n vle lib nan dezinyon
Pou dat pèp la te nan lari kounya n santi n fache
On sèl slogan pandan l pa bon kite peyi m mache

[Refren]

[Verse]
Peyi a sal nou tout ki lakòz pouki n pè pale
N ap viv nan grangou n ap fè sanblan pouki n pè baye
Anndan manif se bal se sèvèl gaye
Atis yo tout gen boss yo nan sistèm nan kot peyi m prale
Gen ti katye pou piti chak jou ap bay 10 mò
W ap fè video pou montre internet w ap bay 10 kòb
Mwen m pa gen enterè pou m ap montre se mwen k pi bon
Atis pran kòb nan tout kondisyon paka alèz nan tout bidon
Mizè fè m radikal pou yon pèp m ap anseye
Fò w ka bay rapò petro paske se ou k te konseye
Sa k pran san mil dola ki diferans ou gen avè l
Ou senatè ou gen ministè èske peyi m ap bèl
Yo pap admèt men tout moun wè yo se maryonèt
Ki kontante pou l byen pase menm lè sou on kamyonèt
Jovenel ale jodi palman boule l demen
Sistèm boujwa pou n chavire fòk tout black mete men
Rekonstwi yon lòt Ayiti kanpe kont yo pa tann pita
Pèp Ayisyen pap konprann men nèg yo vin kraze lit la (Mèt Morin)
Pou dat pèp la te nan lari kounya n santi n fache
On sèl slogan pa gen chanjman kite peyi m mache

[Refren]
Atis yo kraze lit la
Pran kòb boujwa pou yo fè mach vre
Pa gen yo youn ki avèk pèp la
Pou pa pèdi sponsor yo tou fè lachte
Men di m sa k te bay Jovenel pouvwa
Menm boujwa santi yo ki te plase l
Nan karayib la si n wè pi ba
Paske Ayisyen nou pap revòlte

Atis yo kraze lit la
Machann mikro kraze lit la
Rezo sosyo yo kraze lit la
Abolotcho yo kraze lit la