Men Lap Fè San • Mechans-T

ADDED BY DIDIER (DEC 12, 2020 AT 7:15 PM) 4,568 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020
Featuring: Kasoumee, Tonymix
Produced by: SousBeat

[Intro]
Tonymix
Men l ap fè san
MechansT, Kassoumee
Se Sousbeat k ap mixe l

Nou gon jan lè n wè mari moun nou anvi foure men
Nou gon jan lè n wè madanm moun nou anvi foure men
Nou gon jan lè n wè afè moun nou anvi foure men
Nan foure pat nan afè moun epa w blese kounya

[Hook]
Woy men lap fe san
Men l ap fè san (3x)

Ou pa konn kiyès ki mete pa foure dwèt ou
W annik tande bri alsiyis w al foure tèt ou
Olye w ap reklame pa moun chèche konn mèt ou
Si ou bezwen viv pi lontan fò w jere bèk ou
Griyen dan pa souri y ap pran w menm jan ak sourit
Foure pye w tout longè madanm ou pa menm ka kouri
Gen moun ki sèmante se nan afè moun y ap mouri
Ou bezwen bay mato mari, w ap jwenn ak Kasoumee
Yo poko menm di y ap ba ou ou gentan ranje men w
Olye pou w al chèche sa k pa w ou ret nan lonje men w
Genlè m tap rele w rèskiyè si m te ka chanje non w
Nan foure dwèt nan zafè moun gad jan w blese kounya

[Hook]
Woy men lap fe san
Men l ap fè san (3x)

Yo gon diaspora ki gen on ti monnen nan men l
Li gon fanm PV li sèmante nèg pa ka manyen l – Coralie
L ap fè djolè di whatever nèg la pa ka pran l nan men l
Men gon blòdè ki toujou drip k ap mete foreign – neg Delmas
Ki towing fanm nan sou nèg New York la epi li konyen l – sou misye
Dyaspora sou men l li mennen ankèt li epi li konnen – neg sa djab
L ap depanse epi son lòt nèg k ap kraze san anyen – pral konnen
On bon maten nèg Delmas rete li wè l ap senyen

[Hook]
Woy men lap fe san
Men l ap fè san (3x)

Men l ap fè san
Kite l fè l san
Nou pat voye l nan afè moun kite l fè san

Gen moun mwen konnen ki ka fè w viktim nan foure bouch nan gade zen l
Se sak fè antouraj mwen limite mwen gen fanmi m pa chaje friends
Gen moun ki la pou kraze relasyon paske wè twò amazing
Menm lè w met granmoun sou ou w leve on moun fòk ou tèt glas tankou freezing

Gon fason ou blese ou pa ka wè si l fè san – atasyon
Chen ap jape tig la kounya l ap bay san – mezanmi
Gon fason ou blese ou pa ka wè si l fè san – atasyon
Nou lage sansi yo kounya y ap bwè san
Sak te voye w ladan l
Ou pran nan pa konprann
E pou ou l te ye, ou bout bon ou l ye
E mango w li ye ? E steak ou l ye ?
Ou pat mete epi w vin manje

[Hook]
Woy men lap fe san
Men l ap fè san (3x)