A Misye Gen La • Magic Touch

ADDED BY DIDIER (APR 18, 2020 AT 12:17 PM) 3,862 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020
Featuring: Steves J. Bryan
Produced by: Magic Touch
Lyrics by: Magic Touch, Steves J. Bryan

Magic Touch

[Magic Touch]
Pa di m yo pat aprann ou pou w poze kesyon
Nan lakou moun wap antre san pran prekosyon
Malè rive w kounya piti fòk ou reziye w
Avan w te pran w pat mande kounya m ap tande plenyen w
Kounya se pran w pran sòti pou w pèdi tèt ou
Tonbe nan mache toupatou, ou tounen manje lougawou
Kounya se pran w pran ou te fin use tout atou
Sou po w ou gentan fè tatou ou te menm gentan achte bag ou
Ouh sispann plenyen se tèt chòv ou renmen
Jènjan w ki tap mennen w
Ouh fè stil ak fanm nan ou kole nan flanm nan
W al damoun fanm tout nèg ap fann nan

[Chorus]
Tout moun ap ri l men li pa rann kont
Li nan on lòt mond daprè li menm l ap byen pase
Se afiche li toupatou vin tonbe damou
Pandan fanm nan sou FKD
Kounya li fou oh oh oh sa misye gen la

[Steves J. Bryan]
Ah misye gen la m wè l g on foli superman
Kap pran do l ap pran nan chanm l ap sove fam
Aprè sa pou l koule la m nèg yo pran kou Vandam
Yo pyase moun ki PeterPan
Bagay fè m ri fè m sonje lè m tal kay Carolane
Bò fenèt mwen la ou wè m kè m nan menm m ap fè powèm
M ap fon koute La Boheme yo di m fou m ap fèb yo wè m
M gen pou m marye ak Carolane fè lanmou dans ma cabanne
Carolane y ap pale w mal n ap fon pitit nou rele m Roxanne
Gon jou m rete m leve pandan m ap fon ti mache
M wè Carolane sou bekàn a mon étonnement m wè l ap pedale
M tande li renmen ak Frandy se misye ki te achte l pou li
M di Carolane oh wow Carolane li di m yo va te faire chier
M pap bay manti m kriye m kite kèlke zane pase
M ap mennen kounya m ap fè pen kounye Steves J. Boulanje
Kounya kiyès ki nan boulanje m li pap lòt ke Madame Carolane
De pitit twa papa m wè l ap eseye ban m cham

[Chorus]