Sa Tris • Mechans-T

ADDED BY DIDIER (MAR 17, 2020 AT 11:06 PM) 5,220 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020
Featuring: Kanis

[Chorus]
Sa tris tris tris
Pou w g on bon moun nan men w e pou w kite l ale
Lanmou mande sakrifis fis fis
Pou w g on bon moun nan men w e pou w kite l ale
Mwen pa gen pwoblèm tout moun ka fè erè
Men se pa tout bagay ke moun nan ap dakò
Lè ou ap fè tout sa moun nan pa renmen
Epi w pa vle tande lè kè l ap pale avè w
Franchman sa tris tris tris
Pou w g on bon moun nan men w e pou w kite l ale

[Verse 1]
M santi m vin pi fèb chak fwa m fè esè
Lè m al jwe pwogram m antre ta li di m m fè eksprè
Li di m li renmen m se vre men m pa ba l respè
Li g on jan l aji avè m tankou l tap pouse m a leksè
E m pap chèche rezon m bezwen jere pwoblèm nan
Ou se moun k ap pi konprann mwen dayè nou nan menm domèn nan
Lè m pa this m pa that li f on dal bri
Li rive fache lè w wè m nan videyo ak Baky – m tap fache tou wi
Bon men kounya l vire do l misye fache poutèt li wè m ap bo nan videyo m
Kanis f on ti kal ma konsidere m vin ede w
Mais il me manque putain m pa vle l al chèche on vi deyò
Kèt ban m pran on konprime m santi m deprime
Si ou renmen moun nan tout bon se li k dwe prime
Li rele m etwal poutan li pa vle m star
Fò m ta fè on chwa ant lanmou ak stage la

[Chorus]

[Verse 2]
Chak fwa mwen vle pale avè w mande w padon pou sa m fè w
M pa konn pouki ou pa vle tande
Ou pap eksplike moun afè w fè malèt ou san m pa wè w
Relasyon n menm prèske tonbe
Ou pran tou mwen mennen l avè w
Mwen konnen w pa fè a kè w
Sou statu w m wè w ekri plan B
M pa konn ki moun ki avè w ki kote li pral avè w
Di m kote w ye m ap vin pran w bae
Cheri tanpri rete paske c’était trop beau – rete
M bezwen prezans ou nan vi m so baby please don’t go – rete
Ansanm nou tap bati yon fanmi
Kounya mwen wè w vle pran yon lòt direksyon
Se nan dyalòg nou ka vin pi zanmi
Ou pa vle pale avè m baby ou gen twòp diskresyon
Ou wè l fèmen ou ka konprann sa m ap di w la zanmi
M pap mande pou l tounen jis konnen all eyes on me
Ak tout kè m mwen vle l come back nan vi m
Cuz bagay m ap viv la se bagay mwen konn gad nan fim

[Chorus]

Kenbe
Aprann kenbe
Moun pa w la, moun pa w la

[Keyboard Solo]

[Chorus]

[Outro]
Aprann kenbe
Moun pa w la, moun pa w la