DM • Baky

ADDED BY DIDIER (MAY 23, 2020 AT 8:45 AM) 2,920 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020
Produced by: Ded Styl
Lyrics by: Baky

[Verse 1]
Anndan dm se la tout moun ka temwaye
Wap jwenn pawòl, Se la tout sekrè devwale
Wap jwenn mesaj dj, footbolè kek grenn atis
AnnNan dm se kay blodè Se la tout taktik deplwaye
Wap Fè bandi deyò, men nan dm moun ou sansib
Wap jwenn 2,3 nèg yo bloke koz
Yo pa respekte prensip
Wap jwenn kèk fanm lòtbò kap mache bay blodè lespwa
Wap jwenn yon nèg kap tann yon grenn repons kel pap janm Resevwa
Anndan dm gon enkoni ki vin yon pwoch
Wap jwenn yon nèg ki gon mennaj pandan mennaj sa gen yon crush
Wap jwenn mesaj biznis, nèg kap chache pou fon ti bras
E nan dm gon fanm kap flirt ak plizyè nèg lèl santil raz
Wap jwenn nèg corny
Plen nèg nan dm ki funny
Wap jwenn yon nèg ak yon grenn Hi salut bb kap kanni
Avanl reponn texte ou, lal sou paj ou letidye’w
So Siw we’l lil li pa reponn, sa vle di chache mezi pye’w

[Refren]
Gen nèg ki fache nan DM mwen
Plen fanm kap file’m nan DM mwen
Plen Koze
Pawòl kap pale
Gen zen kap gaye
Relasyon kap kraze
Gen fanm marye anndan dm mwen
M jwenn gwo menas anndan dm mwen
Gen Koze
Pawòl kap pale
Gen zen kap gaye
Relasyon kap kraze

[Verse 2]
Si’l kache lè lap text, konn relasyon’w sou dout
Avan’m kontinye’m m vle ret tann reyaksyon nou tout
Ou panse mennaj ou fidèl? Hell yeah
Banm volim, premye prensip
Mesaj dm ka kraze relasyon nou tout
Li ka baw fotol, Men piga’w pranl pouw respote
L ka renmavew nan dm sou paj li bon mennaj li’k poste
Rezo sosyo se pa yon ti bagay
Gen nèg ki rich sanl pa gon goud, anndan dm se pa 2,3 manti kap bay
Ladanl gon nèg nan gym kap mache bay fanm bill sou bill
Ladanl gon fanm fidel kap lote gason Pil sou pil
Gen nèg kap ekri fanm menl prè poul kenbon Pwotokòl
Gen vagabon kap ofri fanm lajan poul voye foto kòl
Yon Dm ka fè’w ri, men an menm tan toul danjere
Gen fanm kap prè pou ekspozew, l fè pwop mesaj ou antere’w
Siw son figi piblik, yon screenshot ka detwi imaj ou
Nan dm wap jwenn mesaj zanmi’w kap file bon mennaj ou

[Refren]
Gen nèg ki fache nan DM mwen
Plen fanm kap file’m nan DM mwen
Plen Koze
Pawòl kap pale
Gen zen kap gaye
Relasyon kap kraze
Gen fanm marye anndan dm mwen
M jwenn gwo menas anndan dm mwen
Gen Koze
Pawòl kap pale
Gen zen kap gaye
Relasyon kap kraze


BIOGRAPHY
  • Baptista Lugendy St-Hubert, mieux connu sur la scène Rap Kreyol sous son nom d'artiste "Baky" est né le 6 mai 1991. Originaire du Sud d'Haïti, plus précisément de la ville des Cayes, Baky a été élevé dans une famille musicienne qui lui a légué en héritage le sens du rythme. Inspiré par la réalité haïtienne, Baky a composé ce qui allait devenir le best-seller l'année 2012 : 'Paske'm se ayisyen'. Pour lui, le Rap Kreyol est un reflet de la majorité des frustrations des jeunes et un médium permettant d'évacuer ces frustrations.

    'Paske'm se ayisyen', sa première chanson a été écrite dans des circonstances bien particulières : Á la fin de ses études secondaires, Baky désirait poursuivre ses études en République Dominicaine. Après avoir entendu parler des conditions de vie de certains Haïtiens (voir leur mort brutale) là-bas, sa mère inquiète, donna une fin de non recevoir à sa demande. Baky se sentit habité de sentiments de colère et de frustration extrêmes qu'il canalisa sur du papier.