Di L • P-Jay

ADDED BY ZOKLO (JUN 26, 2019 AT 5:22 PM) 9,852 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Renesans
Year: 2019
Featuring: Rayy Raymond
Produced by: Lensky Production

[Verse 1]
Baby la padone w si lanmou fè w ekzijans
Pa fè ti neglijans la padone w si m se sèl rezon ekzistans
Pa vle w pèdi nan neglijans so di l
Se sèl gason ki fè kè w bat se nèg ki fè san w mache
Se sèl rezon ki fè w pap janm bay lanmou vag yeah
Lè w nan bra m wi baby m ka fè w menm bay nonm ou vag
E menm nèg ou pa gen tout efè sa sou ou
E ti mak m te ba w la va mande w sak te fè sa sou ou
Wa chache on manti pou w ba l
Koz chak fwa ke m sonje m ap separe ou avè l baby
M santi li kou bal so di l
Li pa satisfè w menm jan avè m
Li pa karese w li pa kenbe w menm jan avè m
Di l kijan ke m fè w santi w lè w chita sou mwen avèk men mwen nan senti w

[Chorus]
Baby di l ke w pa pou li ankò oh non
Kò w reklame on lòt kò
Baby di l malgre lanmou l gen pou ou
Santiman w pran on lòt chimen
Mwen swete li konprann

[Verse 2]
Baby di l kijan w konn fè m kado kò w
Anwo tour 7em syèl se sak kado pa w
Pafwa lè sa twò bon wi m ka fon ti mòde bouch ou
Di l kijan w santi w lè nou tou lè de nan douch ou
Di l m pa vle w gen sekrè pou li
Baby di l ou konnen trè byen m pa menm care pou li
E si li s on vrè gason la va voye w tounen ban mwen
Di l ou renmen lè m tape w fè w rele cheri ban mwen
Baby di l kijan w inyore apèl yo
Di l se avè m ou fè tout sa ou pa fè avè l yo
Si l pat ka adore w kounya kite melew baby si l pa ta padone w

[Chorus]

[Bridge]
Pou jan n kole m pa kwè n ap ka janm separe
Pou sa nou fè m pa kwè n ap janmen separe
Gade l nan je di l tout verite
Deja konnen m ap tann ou si l pa ta deside padone w
Yeah yeah baby

[Keyboard]

[Chorus]