Je'l Nan Je'm • P-Jay

ADDED BY TIZER (SEP 22, 2014 AT 9:48 AM) 27,462 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Featuring: Sandro Martelly
Produced by: Serge "Power Surge" Turnier & Gregory "Phat-G" Seide
Lyrics by: James "P-Jay" Lamothe

[Intro]
Nah nah nah
Oooouuu

[Hook - Sandro]
Li konnen m'ap fè l soufri
A chak fwa mwen ba l manti
A wi sa s'on gwo soufrans
Poutan l ret an silans
Li konnen m'ap fè l soufri
A chak fwa, mwen ba l manti
A wi sa s'on gwo soufrans
Poutan l ret an silans
Je l nan je mwen (3x)
Je l nan je m ohhh

[Verse 1]
Kou m ouvri bouch mwen, mwen wè je l nan je m
San di yon mo, mwen di w wi je l nan je m
Pafwa kè mwen sote santi wi l vle manje m
Poze tèt mwen kesyon e si l ta vle vanje m
Non se pa fòt li, men poutan se fòt pa mwen
Mwen konnen gen konsekans mwen la m'ap tann rekòlt pa m
Lè n'ap fè lòv, li pa pè ofri tout kò li
Menm si lè m fini m'ap vire kite l poukò li
Li sou men l se sa k fè je l nan je m
Li refize kite m, non li just vle chanje m
Sincèrement wi, m'ap mennen yon lòt vi
Chak fwa m'vire kite l, li konnen m'al jwenn yon lòt fi

[Verse 2]
Men poutan plen lòt gason k'anvi li
En même temps, se pa de fi k'anvi li
Sak pran tan liv roman sa y’anvi li
Men l prefere soufri olye pou m pa nan vi li
Yeah, wi m'admèt ke sa pa bon
Vakabon, petèt relasyon sa a ta ka bon
Li pa neglije pou banm ti afeksyon mwen
Li obeyi anba presyon mwen
Banm poze n pi gwo kesyon mwen
Pou ki sa k renmen n se li ke nou maltrete
Si w jwenn lanmou lakay pouki w vle al prete
Se sa k fè maladi lanmou toujou mal trete

[Hook - Sandro]
Li konnen m'ap fè l soufri
A chak fwa mwen ba l manti
A wi sa s'on gwo soufrans
Poutan l ret an silans
Li konnen m'ap fè l soufri
A chak fwa, mwen ba l manti
A wi sa s'on gwo soufrans
Poutan l ret an silans
Je l nan je mwen (3x)
Je l nan je m ohhh

[Bridge - Sandro / P-Jay]
Je l nan je mwen, Je l nan je m man
Je l nan je m ohhhh
Konnen m’ap fè l soufri
Men poutan l ret an silans
Li ret an silans man
Ah wi….

[Hook]