Si M Te Gen Pouvwa Lavi • Disip

ADDED BY DIDIER (DEC 30, 2018 AT 8:09 PM) 10,301 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2018

[Verse 1]
Pat panse m tap jwenn yon moun tankou w
Malgre nan vi m pran anpil kou
Mwen pat kwè nan lanmou pran plezi mwen nan tout kafou
Mache tonbe jwe tankou twoubadou
Yo menm trete m tankou moun fou
M pat fè pèsòn konfyans men jodya ou ban m asirans

[Pre-chorus]
Se kòmsi mwen pat janm ekziste cheri lè mwen potko kwaze w
M te fin pèdi lespwa
M pat konn lè l klè ni lè l fè nwa

[Chorus]
Mwen te bouke fè chwa paske m pat janm konn viktwa
Franchman si w te an premye m patap gen doulè lè swa

[Guitar solo]
Bonjou

[Verse 2]
Mwen pat janm rive libere konbyen moun deja mwen pase
Tèlman m te vle yon moun ki ka trete mwen tankou w
Cheri m te fin dezespere nan chèche chak jou san twouve
M te tankou yon moun fou kap pwomennen twoupatou

[Pre-chorus]

[Chorus]

[Choir]
Pou valè kriye m konnen m kriye
Mwen pat janm jwenn yon moun pou konsole m
Pou valè rele m konnen m rele
Jodya mwen resi soulaje

[Verse 3]
Cheri si m te lanmò m pa tap janm touche kay ou
Ou fè kè m kontan chak jou avè w sèlman mwen dakò
Ou fè m twòp atò m santi w nan mwen twò fò
Si m te gen pouvwa lavi mwen menm avè w patap janm mouri

[Choir]

[Verse 3]

[Keyboard Solo]
Cheri mèsi
Ouuu bèl
Oh oh, mwen soulaje
Sa yo tal chèche anlè mwen jwenn li sou latè
Bonjou

Mwen te yon vagabon mais le suivant chak jou
Je an mwen ret toupatou ap tcheke ni sak pa bon
Mwen te fin kondane tankou on dat libète
Tout moun tape mal jije m
Poutan se ou kap chèche bagèt sou vey

[Choir]
Cheri avèk ou mwen soulaje
Prezans ou nan mwen se destine
Montre m reziyaksyon bonè m
Avèk ou mwen wè siksè