Supplice • Re-ferans

ADDED BY REFERANS (JUN 10, 2019 AT 3:08 PM) 3,840 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Single Supplice
Year: 2019
Produced by: GuyMix 973 - Amazik Productions
Lyrics by: Maudler Etienne (Momo)

M te chwazi pou m fè w plezi
Plezi ak sa k fè w krezi
Men ou menm dezi w se fè m soufri
On ne fait bien que ce qu’on fait sois-même

Jounen jodiya m rapwoche m
Pou n fè yon ti chita pale
Nan tèt ou w ap kesyone
Ou anvi konnen sa k pral pale

Jodiya cheri
M oblije vin di w m ale
On dit souvent qu’la seule victoire en amour
C’est toujours la fuite
Mwen konnen m pat dwe ale
Men lanmou defwa nuizib
Se pa yon desizyon ke m pran
Se sa kè m vle kòm soulajman

M konnen m pral kriye
Mwen pral regrèt
Pandan lanmou n te konn ap triyonfe
Kounya l tounen yon sann dife
M konnen m pral kriye, non non
Mwen pral regrèt, wowo wohoo
Pandan lanmou n te konn ap triyonfe
Kounya l tounen yon sann dife

[Chorus x2] :
Pou mizè mwen pase
Pou m sove relasyon sa
Se mwen ki toujou soufri
Mwen pran l ak kè, m pran l ak kouraj

Lanmou sa fè m kriye
Absans ou sikatrize m
Lwen de ou mwen nan soufrans
Men pi pre w lavi m fini
Ou oprime m, fè m pwostène
Ou degrade m cheri
Mwen konn rele w telefòn sonnen
Ou pa reponn zanmi w ap ri

[Chorus x2] :
Pou mizè mwen pase
Pou m sove relasyon sa
Se mwen ki toujou soufri
Mwen pran l ak kè, m pran l ak kouraj

Lanmou sa fè m kriye
Absans ou sikatrize m
Lwen de ou mwen nan soufrans
Men pi pre w lavi m fini
Ou oprime m, fè m pwostène
Ou degrade m cheri
Mwen konn rele w telefòn sonnen
Ou pa reponn zanmi w ap ri

[Chorus x2] :
Pou mizè mwen pase
Pou m sove relasyon sa
Se mwen ki toujou soufri
Mwen pran l ak kè, m pran l ak kouraj

Kendo pale pou medam yo
Gade gade gade gade
Oh oh men sa k pase w la cheri

Oh oh sa k pase w la cheri
Oh oh
Oh oh sa k pase w la cheri
Oh oh