Heartbreak & Misery • Disip

ADDED BY TIZER (MAY 16, 2016 AT 10:48 AM) 42,480 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Klere Yo
Year: 2016
Produced by: Dener Ceide
Lyrics by: Dener Ceide

[Verse 1]
Mwen jalou pou lapli
Lè m wè l tonbe sou po w li nwi m
Pase l rive kot menm pa janm rive
O wi mwen jalou pou lapli

[Verse 2]
Mwen jalou lè m wè van
Pou jan l flote anba jupon w
Jan l vante nan mitan lonbraj ou
O wi mwen jalou menm pou van

[Guitar solo]
Nou se Disip

[Chorus]
Mwen swete w, mwen swete w tout sa ki bon pou ou
Mwen sonje m te di w lè w ta prale a, ou pa bezwen menm padone m
An pansan ke w t ap tounen pou vin di m all you found was heartbreak and misery
Li difisil pou m di w mwen jalou lè m gade jan kè w kontan san mwen

[Verse 3]
Mwen jalou pou lannwit
Tout nwit mwen pase san ou
Nan panse ak moun ki bò kote w
Ou wi mwen jalou menm lannwit

[Verse 4]
Mwen jalou pou lanmou
Lanmou sila a ki te pami nou
Jodi a s on lòt moun k ap rele w doudou
O wi mwen jalou pou lanmou

[Chorus]

[Keyboard solo]
Epi kè m ap rache
Wo o o o, o o o o
Ici Disip
Wo o o o, o o o o
Hello
Epi lafwa lafwa

[Hook]
Sanble m pap ka jere sa
Pa gen fyèl pou m dijere jan m wè w la
Non mwen pap kapab

[Verse 5]
M pa t atann mwen ak jou sa a
Pa t kwè m t ap rive la
Fin derekonèt tèt mwen
Mwen tonbe fò nan pyèj ego m
Dlo nan je m ap nwaye m
Lè m wè m pèdi tout byen m
Lè m sonje sa n te genyen, mwen chaje ak regrè nan kè m

[Hook]

[Verse 5]
M pat atann mwen ak jou sa a
M pat kwè m t ap rive la
Fin derekonèt tèt anm
Gad jan m tonbe nan pyèj ego m
Dlo nan je m ap nwaye m
Lè m wè m pèdi tout byen m
Lè m sonje sa n te genyen, mwen chaje ak regrè nan kè m bebe

Cheri m mizerab