Ti Pa Ti Pa • LOG IN

ADDED BY PHKATHIUS1 (OCT 17, 2018 AT 4:52 PM) 4,348 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Garde A Vous
Year: 2018
Featuring: James Momplaisir (Ti Lunet)
Lyrics by: Frantz Junior Alcime & Sobner St Thomas

[Intro]
Leve Sesilya, leve Sesilya
Leve Sesilya, ohhh

[Verse 1:Cardial]
Nan lavi chak moun gen yon kwa
Fò'w aksepte pote pa'w la
Pwoblèm pa dwe fè'w fè tèt ba
Jou pa'w la ap rive
Nan lavi sonje'w gen le chwa
Swa'w pran wout krochi ou dwat la
Pou'w byen reyisi lavi a
Konsa pou'w mache

[Chorus] 2X
Se ti pa ti pa'l ye
Se ti pa ti pa'l ye
Se ti pa ti wa rive
Sou wout la pa dekouraje

[Verse 2: Ti Lunet]
Ou ka pa gen pèsonn pou ede'w
Sou wout la tout moun vle bare'w
Sa pa gendwa demotive'w
Jou pa'w la ap rive
Anyen pa dwe dekouraje'w
Dakò soufri ak diyite
Demen tout moun pral onore'w
Konsa pou'w mache

[Chorus] 2X
Se ti pa ti pa'l ye
Se ti pa ti pa'l ye
Se ti pa ti wa rive
Sou wout la pa dekouraje

Cardial men Lunet la wi
Log-in access granted
Fanfan epav, chanteur ki la

[Bridge:Ti Lunet]
Aplike tout lwa tout prensip
Ki gen nan lavi e mwen garanti'w
(Gen yon jou wa souri)
Pa janm bliye sajès ak respè
Toujou kenbe moralite'w avèk diyite'w
(Gen yon jou wa souri)

[Bridge:Cardial]
Djakout konesans sou do'w
Kouto digo volonte'w nan men'w
Ann sèkle teren lavi
(Gen yon jou wa souri)
Djakout konesans sou do'w
Kouto digo volonte'w nan men'w
Ann sèkle teren lavi
(Gen yon jou wa souri)

[Bridge:Ti Lunet]
Aplike tout lwa tout prensip
Ki gen nan lavi e mwen garanti'w
(Gen yon jou wa souri)
Pa janm bliye sajès ak respè
Toujou kenbe moralite'w avèk diyite'w
(Gen yon jou wa souri)

[Bridge:Cardial]
Djakout konesans sou do'w
Kouto digo volonte'w nan men'w
Ann sèkle teren lavi
(Gen yon jou wa souri)
Djakout konesans sou do'w
Kouto digo volonte'w nan men'w
Ann sèkle teren lavi
(Gen yon jou wa souri)

Li ka jwe, kite'l jwe
Epi qu'est-ce que c'est que ça ?
Du bon kompa
Men nou, men nou, men nou, men nou, men nou
Log in, Log in

[Outro]
Leve Sesilya, leve Sesilya
(Lavi a di fòk ou leve)
Leve Sesilya (leve)
Leve Sesilya (leve, leve)
Leve Sesilya, leve Sesilya
Leve Sesilya