Ou Lage'm Nan Cho • Harmonik

ADDED BY PHKATHIUS1 (MAY 28, 2019 AT 6:18 PM) 5,019 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Respè
Year: 2019
Featuring: Roody Roodboy

[Mac D]
Pito’w te ban’m baton
Anverite pito’w te ban’m prizon
(Si’w te vle vanje’w)
M’te pran frap lè mwen wè
Se nan bon zanmi’m w’al lage kò’w

[Chorus] 4X
Ou lage’m nan cho

[Roody Roodboy]
Ay, mwen te panse’w padone’m
M’te gentan gen espwa
Pran pòz ke w’ap adore’m
Lè’m pote dlo nan paswa
Ou jwe nan may mwen
Franchman ou pran’m pou yon egare
Kè’m prèske bloke
Chak swa lè’w antre ak cheve ou degaye
Mwen mennen ankèt tankou CIA
W’ak yon bon zanmi’m, yon moun siyale’m
Ou fè’l pa eksprè, ou fè’l pou vanje’w
Ou pa menm kè si nouvèl la simaye
Ou san pitye, ou lage’m nan cho
Sa’k pi di a, pwòp kòb mwen w’al boule El Rancho

[Chorus] 4X
Ou lage’m nan cho

Cheri m’ba'w legen tande
Ou genyen, ou genyen, ou genyen

Oh oh, oh oh, oh oh
Ou gen jwèt nan men’w
Oh oh, oh oh, oh oh

[Hook]
Ou genyen batay la
(Tonè boule’m vanjans pa dous)
Ou genyen batay la
(Se lè’w malad ou konn remèd)
Ou genyen batay la
(Tonè boule’m vanjans pa dous)
Ou genyen batay la

Ou genyen, ou genyen, ou genyen

Oh oh, oh oh, oh oh
Ou gen jwèt nan men’w
Oh oh, oh oh, oh oh

[Hook]
Ou genyen batay la
(Tonè boule’m vanjans pa dous)
Ou genyen batay la
(Se lè’w malad ou konn remèd)
Ou genyen batay la
(Tonè boule’m vanjans pa dous)
Ou genyen batay la

[Bridge: Mac D]
Aprè tout sa mwen fè pou’w te ka ban’m lapè’m
Mwen pat konn si gen kou dèyè
Aprè tout sa mwen di pou’w wete’m nan lespri’w
Gade kijan ou fè’m sezi

[Refrain]
W’ap peye sa (Depi’w fè mal)
W’ap peye sa (Mwen pran leson)
W’ap peye sa (Depi’w fè mal)
W’ap peye sa

[Bridge : Mac D]
Aprè tout sa mwen fè pou’w te ka ban’m lapè’m
Mwen pat konn si gen kou dèyè
Aprè tout sa mwen di pou’w wete’m nan lespri’w
Gade kijan ou fè’m sezi

[Refrain]
W’ap peye sa (Depi’w fè mal)
W’ap peye sa
W’ap peye sa (Depi’w fè mal)
W’ap peye sa

Oh oh, oh oh, oh oh, oh oh

Roody Roodyboy vinn pale’w

[Roody Roodboy]
Ay, mwen te panse’w padone’m
M’te gentan gen espwa
Pran pòz ke w’ap adore’m
Lè’m pote dlo nan paswa
Ou jwe nan may mwen
Franchman ou pran’m pou yon egare
Kè’m prèske bloke
Chak swa lè’w antre ak cheve ou degaye
Mwen mennen ankèt tankou CIA
W’ak yon bon zanmi’m, yon moun siyale’m
Ou fè’l pa eksprè, ou fè’l pou vanje’w
Ou pa menm kè si nouvèl la simaye
Ou san pitye, ou lage’m nan cho
Sa’k pi di a, pwòp kòb mwen w’al boule El Rancho