[Hook]
Si w renmen m
Pale avè m pale avè m mete m klè
Si w renmen mwen
Kenbe mwen vin avè m piga w pè
[Verse 1]
Cheri ou di m ou gen on ti bagay pou w rakonte m
Chak fwa mwen mande w pa vle pale ni eksplike
Mwen santi ou pè gade pa vle avwe sa ki kache nan kè w
Cheri mwen pa egare pale avè m
Di mwen tout sa ou vle
[Hook]
[Verse 2]
Wi mwen renmen w se vre men m ap evite danje
Paske m konnen w son nèg marye
E mwen menm tou mwen fiyanse
Toujou gen je kap gade nenpòt kisa k ta pase
E lanmou sa pap ka kache cheri ann al danse
[Keyboard]
Mwen resi gen kontwòl sa
[Keyboard]
Avanse pou n ploge
Cheri m ta renmen rakonte w konfidans ki nan fon kè m
Depi lè mwen rankontre w m santi m byen lè bò kote w
Cheri mwen déjà pare se pa sèl ou menm ki tap tann moman sa
Lanmou déjà mete pye n ap kite l ale konsa
[Keyboard]
Mwen resi gen kontwòl sa