Avozòd • Dat7

ADDED BY PHKATHIUS1 (NOV 9, 2017 AT 4:33 PM) 13,184 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2017
Featuring: Roody RoodBoy

[INTRO]
Oli Duret
Avanse manman
Vini pi pre manman
Fòk nou pale manman
Banm diw...

[OLI]
M'konnen ke'm fè'w mal
Men'w pa oblije kondane'm konsa (konsa)
M'konnen ke'm blese'w
Men'w pa oblije imilye'm pou sa (pou sa)
Ann evite di betiz
An nou kiltive metriz
Pa kouri pou mwen
Vini jwenn mwen
Aswèa m'pap dòmi fache
Tande...
Se pale pou'n pale
San nou pa joure
Ann aprann dyaloge
Nan lanmou fò'w padone

[CHORUS]
Tout pwoblèm yo dwe rezoud kounyea
E se nan bra ou pou'm dòmi aswèa
Tout pwoblèm yo dwe rezoud kounyea
E se nan bra ou pou'm dòmi aswèa

[ROODY]
Yèswa m'pa dòmi
Telman m'reflechi
Cheri m'repanti
Jenou'm vle flechi
Tande....
Fòk ou ban'm yon ti tan pou nou fè ti pale a
Se jan de distans sa yo pou nou epanye a
Se yon senp ti pwoblèm ke nou dwe repare a
Si'w deside padone'm se pa sa'k egare a
Vini non...
Se pale pou'n pale
San nou pa joure
Ann aprann dyaloge
Nan lanmou fò'w padone

[CHORUS]
Tout pwoblèm yo dwe rezoud kounyea
E se nan bra ou pou'm dòmi aswèa
Tout pwoblèm yo dwe rezoud kounyea
E se nan bra ou pou'm dòmi aswèa

Dat7

[HOOK]
[OLI]
Si'w ta vle'm met ajenou nan pye'w
Je suis à vos ordres bébé
[ROODY]
Si'w ta vle pou'm afiche'm avè'w
Je suis à vos ordres bébé
[OLI]
Si jamè ou ta mande'm kite mizik pou ou
Je suis à vos ordres bébé
[ROODY]
E si'w ta vle'm bloke tout fanm sou telefòn mwen
Avozòd

[HOOK]
[OLI]
Si'w ta vle'm met ajenou nan pye'w
Je suis à vos ordres bébé
[ROODY]
Si'w ta vle pou'm afiche'm avè'w
Je suis à vos ordres bébé
[OLI]
Si jamè ou ta mande'm kite mizik pou ou
Je suis à vos ordres bébé
[ROODY]
E si'w ta vle'm bloke tout fanm sou telefòn mwen
Je suis à vos ordres bébé