Lanmou Marem • K-Dans

ADDED BY PHKATHIUS1 (DEC 28, 2017 AT 6:59 PM) 24,556 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Lanmou Marem
Year: 2017

[Verse 1]
M'pat vini pou'm rete
M'pat vini pou'm marye
M'pat vini pou'm plase
Ni fiyanse
Mwen te vinn pran plezi'm
M'pat sou bagay serye
Tandi ke mwen kole
M'vinn adikte

[Pre-Chorus]
Oh wi, sa se konfesyon mwen
Lanmou pat nan kè mwen
Men m'vinn chanje d'avis
Oooh wi, tout chemen mwen pase
Sanble mennen nan kè li
Mwen paka viv san li

[Chorus 2X]
Lanmou sa tèlman fò li mare pye'm
Li bouche je'm pou li
Oh pou li

Kikko vinn rakonte doulè'w

[Verse 2]
M'pat vinn nan fè womans
Pas de continuation
Renmen pat janm gen sans
Just sensasyon
Pour la vie ou la nuit
Pour moi c'était pour la nuit
Pou tan manmzèl fè'm krezi
M'ap fou pou li.

[Pre-Chorus]
Oh wi, sa se konfesyon mwen
Lanmou pat nan kè mwen
Men m'vinn chanje d'avis
Oooh wi, tout chemen mwen pase
Sanble mennen nan kè li
M'vinn paka viv san li
Lanmou sa fò

[Chorus 2X]
Lanmou sa tèlman fò li mare pye'm
Li bouche je'm pou li
Oh pou li

Fanatik yo, you know what?
K-Dans is back!
Rochnel, kijan yo fè'l nan djaz sa
Tèt kole, je fèmen

[Bridge 1]
(Se pou li mwen ye)
Se pou li mwen ye, e li pou mwen tou
(Pou li mwen ye)
Fanm sa twò move pou'm ta kite'l ale
(Pou li mwen ye)
Mwen vini f'on goute epi mwen tou kole
Ooh pou li m'ye

[Bridge 2]
(Se pou li mwen ye)
Mwen konn renmen deja, men sa diferan
(Pou li mwen ye)
Fanm nan ban'm yon filing k'antre nan tout nannan'm
(Pou li mwen ye)
Matin midi e swa se li m'vle wè devan'm
Pou li m'ye

[Chorus]
Lanmou sa tèlman fò li mare pye'm
Li bouche je'm pou li
Oh pou li

[Bridge 2]
(Se pou li mwen ye)
Mwen konn renmen deja, men sa diferan
(Pou li mwen ye)
Fanm nan ban'm yon filing k'antre nan tout nannan'm
(Pou li mwen ye)
Matin midi e swa se li m'vle wè devan'm

[Bridge 1]
(Se pou li mwen ye)
Se pou li mwen ye, e li pou mwen tou
(Pou li mwen ye)
Fanm sa twò move pou'm ta kite'l ale
(Pou li mwen ye)
Mwen vini f'on goute epi mwen tou kole
Ooh pou li m'ye