Renmen Moun Ki Renmen W • Toby

ADDED BY TOUSH (MAR 27, 2017 AT 5:45 PM) 22,439 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017

Chak moun nan lavi blòdè ou pa
Ti jèn oubyen papa 
Gon moun ki ba l yon vi, 
Ki ba l yon vibe
K' mete l' opa
Ti jèm, ti jwèt apa
Ti bo anba anba 
‎Pa gon moun ki
Pa gon moun ki spesyal 
Non y'en a pas

Konnen kè a bezwen yon bagay frè 
E se pa selman bagay-fè 
W' paka esplike l' men w santi l'
Ou rich...
San w pa posede yon santim

Ayayay 

Renmen moun ki renmen ou 
Renmen moun ki renmen ou 
Renmen moun ki renmen ou 
Renmen li kenbe men l'

Eeeh
Enme li, enme li, enme li
E-e-e-eh (3x)
Eeeeh

Chak lè li gade m son lòt bagay 
Lè l souri li ban m vibe
Lè l touche m chèdepoul leve sou tout po m 
Gadon djaz 
Ti mòde anba chal
Ti‎ kout dan sa pa chay 
Jalouzi chak segond, lòv chak segond 
M' santi m' ap fly

Konnen kè a bezwen yon bagay frè 
E se pa selman bagay-fè 
W' paka esplike l' men w santi l'
Ou rich...
San w pa posede yon santim

Ayayay 

Renmen moun ki renmen ou 
Renmen moun ki renmen ou 
Renmen moun ki renmen ou 
Renmen li kenbe men l'

Eeeh
Enme li, enme li, enme li
E-e-e-eh (3x)
Eeeeh...

Si m' prezidan w' ap première dame
Si m' Hollande w' ap Amsterdam 
Si m' Adan se ou k' ap Èv mwen 
M' se kòd gita ou se bra m 
Vin dodo meya nan bra m
Tout nan nwit mwen wè w nan rèv mwen 
Si m' Oswald Durant ou se Choucoune
Nan bouyon m ou se konkonm 
Mòso vyann pou chase rèz mwen 
Ou se Claire Heureuse mwen Marie-Jeanne
Ayisyèn mwen fanm ki djanm
Ou se trezò m, ti malerèz mwen 

Enme li, enme li, enme li
E-e-e-eh (3x)
Eeeeh...