[Verse 1]
Se yo menm ki bay lavi
Se yo k akouche wi se yo menm ki gwòs
Ou pap ka fin peye yo
Menm si nan mond sa se ou k ta pi gwo bòs
Ou pa tap tire kou sou li
Si w te konnen avè w li te gen menm fòs
Lè sa se te ka machwè w kap fè patomat oubyen ki ap fè sòs
Fizikman ou ka fè l mal men fò w konnen li pi blese nan kè l
Mak sou po l yo ka geri men vye souvni yo rete etènèl
Yon kalòt ou bay yon fi pi chè ke 3.8 milya dola
An palan de sa mezanmi kote kòb petwokaribe a
[Verse 1]
[Chorus]
Yo bouke, yo bouke kriye
Yo bouke rele yo bouke revòlte
Jistis yap mande
Nou bouke, nou bouke kriye
Nou bouke rele nou bouke revòlte
Jistis n ap mande
[Verse 2]
Nou menm atò toujou di ke fanm se poto mitan
Menm poto sa n ap kraze l n ap abize li toutan
Ak vyolans nap di otan ke fanm yo toujou kontan
Pwoblem lavi deja ap sakaje yo moun sa yo se bon konbatan
Yo pa bèt nap sele n anpeche yo pale
Yo fatige kriye yo fatige rele nou fè kwè n pa tande
Lè nou leve men sou yo fanm sa ka menm fè tè a souke
Kò m si se tankou lanati kap di nou mesye li bouke
Yon kalòt ou bay yon fi pi chè ke 3.8 milya dola
An palan de sa mezanmi kote kòb petwokaribe a
[Chorus]