100 Verites • Baky

ADDED BY GEN11 (JUN 9, 2018 AT 3:33 PM) 9,807 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Echec Et Mat
Year: 2018
Produced by: Pipo Beat
Lyrics by: Baky

[Verse 1]
Se pa chak jou ou pa wè solèy pou w panse w pral wè lapli
Sekrè avèg, si w fèmen je w, ou ka wè lap li
Chak fwa w fèb, Lapriyè Se ka sèl apwi w
Si se vre w vle viv an pè, anndan w sèkèy se ka sèl abri w
Nan mond sa, se pa tout bebe ki jwenn bèso man
Ou ka fè vi w single siw ap chache the best woman
Dim se vrè ou pa?
Kwè nan jistis men raple w dèfwa tribinal pa kondane vrè koupab
Ou ka chite
Pou w pa tonbe yo kite w bite
Nou chak ka gon ide tan poun antann nou n pito lite
Sonje, nan oposizyon pa vle di w nan lagè
Fè lapè, akoz de nou twòp ti jèn al anbatè
Nou wè, men nou pè fouye bouch nou nan zafè yo
Nou vote leader yo men nan mind nou nou pa fye yo
Nou just fèmen je n poun vale tout sa yo rann
Nou pa jwenn sa nou mande so n reziyen n ak sa yo ban n
Epitou nèg yo rich nan kriz nou
Yo kache mechanste anba vèst ak kèk bèl diskou
Yo plis sou pale anpil men youn pap pote yon èd
Yap touche milyon chak mois men youn pap regle yon merde
M bouke pa jwenn pandan plen nèg kap plen men
Bouke wè n kap gaspiye pandan m wè gon pèp kap trennen
M bouke wè grangou Pandan ke gran nèg kap mennen
M bouke wè jè n fi 16 ans ak granmoun 100 ans kap renmen
(M bouke)
Poum pa wè nou, se 2 je m poun pete
20ans d carrière ap travay pou m fon kay prete pou m prete
Nou fè m twòp, Nap ofri m bwè, nou pap la kon m vomi
Ou wè isit, Neg ap tiye rev ou menm avan w domi
Lè twal vi a kout pou ou
Pa gon nèg kap koud pou ou
Saw boule kawoutchou pou li a l pap boulon mil goud pou ou
Wap mande l klere w men w pap mande l ki Pri limyèl
Dèfwa se lè w gade w nan glas ou wè w t anfas yon kriminèl!
Di yo, Sant fatra peyi m monte mezi nen mwen
Men n fè kòm si n pa wè, So map oblije Reziyen mwen
Sou kòb tax map peye, Men m paka jwenn sèvis
Pwouvon atis nou renmenl se lè nap plen l ak RIP
Nou gate
Yon Société raté
Koike n te aprann mache nou te prefere bwate
M wèw te prefere gade tan pou w aji
Ou te vle jete vodou pandanw tap fè plas pou maji
Frè m M wè w, e chak lè m gade w m ka we doulè w
M ka wè bote w, m ka wè po w menm pap wè koulè w
M pa wè black, m pa wè milat, m won sèl seri moun
M won sèl Nasyon, yon sèl pèp nan sèl Peyi nou
Men Peyi m divize gen twòp konba ladan l
Politisyen isit gen twòp pouvwa ladan l
Nou fè sa n vle koz pou nou pa gen règ
Met nan tèt nou nap tonbe jou w wè n ta kanpe anfas yon pèp
100 verite
Baky


BIOGRAPHY
  • Baptista Lugendy St-Hubert, mieux connu sur la scène Rap Kreyol sous son nom d'artiste "Baky" est né le 6 mai 1991. Originaire du Sud d'Haïti, plus précisément de la ville des Cayes, Baky a été élevé dans une famille musicienne qui lui a légué en héritage le sens du rythme. Inspiré par la réalité haïtienne, Baky a composé ce qui allait devenir le best-seller l'année 2012 : 'Paske'm se ayisyen'. Pour lui, le Rap Kreyol est un reflet de la majorité des frustrations des jeunes et un médium permettant d'évacuer ces frustrations.

    'Paske'm se ayisyen', sa première chanson a été écrite dans des circonstances bien particulières : Á la fin de ses études secondaires, Baky désirait poursuivre ses études en République Dominicaine. Après avoir entendu parler des conditions de vie de certains Haïtiens (voir leur mort brutale) là-bas, sa mère inquiète, donna une fin de non recevoir à sa demande. Baky se sentit habité de sentiments de colère et de frustration extrêmes qu'il canalisa sur du papier.