Aba Kanaval [Kanaval 2017] • BIC

ADDED BY GEN11 (FEB 3, 2017 AT 9:34 PM) 12,170 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2017
Featuring: Cinthia Michelle
Lyrics by: BIC

[BIC]
Aprè ansiklopedi tout mo sal yo
Aprè anbativant kout yayad yo
Aprè atis k ap detwi atis parèy yo
Kisa kanaval pote pou peyi sa a ?
Aprè djaz ki gen cha men kip a gen tèt kamyon
Aprè tèt kamyon kap pèdi fren
Ronm, kann ki fèl, stann byè koktèl
Wiski lyann bande
Nouvote tranpe nan bouyi vide
Aprè kèlke baf, kèlke paf
Aprè pwojè k’ monte ak kèlke saf
Aprè separasyon ak kèlke staf
Kisa kanaval pote pou peyi sa a ?

[Cinthia]
Si se pou n montre wotè sitadèl la
Wi n’ap vote, on sèl kout kle
Si se poun montre bèl koule jakmèl yo
Wi n’ap vote, yon sèl kout kle
Si se poun montre kilti ak fyète nou

[BIC]
Men si se sam wè la m ap di
ABA ! ABA ! ABA !
Aba kanaval kap kòche zòrèy pitit fi m’ yo
ABA ! ABA ! ABA !
Kanaval ki pa panse pou moun enfim yo
ABA ! ABA ! ABA !
Animatè k’ap bare bèl kanaval yo
ABA ! ABA ! ABA !
Pwomotè k pran atis pou pla sandal yo

[CINTHIA]
Si se pou vann atizana lokal yo
Wi n’ap vote, yon sèl kout kle
Pou ankouraje pwodiksyon nasyonal yo

[BIC]
Si se pou n montre lemonn
Sa nou gen kòm valè, m’ dakò ak kanaval
Men si se pou sa n’ap fè la m’pap bouke di

ABA! ABA! ABA!
Atis la annik site tèm kanaval
Li panse se sijè a li trete
ABA! ABA! ABA!
Lèw fè sa, se kanaval ou maltrete
ABA! ABA! ABA!
Bon lonje men w PLA !
Vini lonje men w PLA !
Wa sonje m’ te tape w sou dwèt
Pou pa janm fè sa ankò

ABA! ABA! ABA!
On kanaval san touris
ABA! ABA! ABA!
Men ki chaje ak Tourista
Ababila!

Ane sa a Black Easy pap la
Pou li ba nou bèl plezi
Priye pou li fèmen sèkèy la, kitel ale
Men lòt Black la te gentan kite yon mesaj
Si n’ vin nan kanaval la
Se pou nou ka danse
Sin vin nan kanaval
Se pou kè nou kontan
Sin vin nan kanaval la
Leve 2 men anlè
Black Easy, Alex, Kanaval sonje nou !

ABA! ABA! ABA!

M poko Ay!
Odepeint gwoup konstriksyon
ABA! ABA! ABA!
Tann mwen, m’pral nan « Secret de la vie »
ABA! ABA! ABA!
Apre sa, Rèv sinema tèt dwat
ABA! ABA! ABA!

Nan tou wòch mwen te ye
Yo voye rele mwen
O ! men koudjay pran beton an O !
Nan Sèkèy mwen m’kouche
M’tande yap chante mwen
O ! men koudjay pran beton an O !
Nan simityè a m’ye m’ tande y’ap fredone mwen
O ! men koudjay pran beton an O !
Man Lolo!

ABA! ABA! ABA!
ABA! ABA! ABA!
BIC Tizon dife
Atis k ap ranpe pou moute cha yo
ABA! ABA! ABA!
Cisco, Pawòl tanbou
Master Luck, Klip Studio bit la
Kote ti rasta, ti batè ak ti gato
Di Kenken al di Orloff
Poze nèt…
Tizon Dife recordz


BIOGRAPHY
  • BIC marries rap and folk to deliver poignant critiques and observations of the Haitian society. In 2000, he launched his musical career as a member of the rap group Flex. Then he formed the duo BIC (Brain. Intelligence. Creativity.) and adopted the acronym as his stage name. In 2010, he went solo and started his record label, Tizon Dife Records. Since 2006, BIC has served as Goodwill Ambassador for several organizations, including the Haitian Basketball Federation and SPEDH (Support Social pour les Enfants Démunis d'Haiti. Since 2012, he has served as Ambassadeur de la Francophonie alongside BélO and Jean-Jean Roosvelt. In 2014, BIC won Institut Français's VISA pour la Creation residency and spent three months at the Cité Internationale des Arts de Paris completing his dual language album, Recto-Verso. His sixth album, Vokabi-Lari, was released in May 2016.