Anyen Pa Enposib [Kanaval 2017] • Enposib

ADDED BY GEN11 (FEB 2, 2017 AT 10:05 PM) 13,823 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2017

M ape pale avèk jenès la – jenès la
Fò nou fè peyi a pwomès sa
Ke n ap goumen malgre tout stress sa
Se nou ki peyizan richès peyi a

Sa pa enposib
Pou nou t a ka fè Ayiti reviv
Sa pa enposib
Pou nou travay men nan men
Malgre metye nou pa genyen

M ape pale avèk granmoun yo
Ki oblije nou bwè dlo sal yo
Yo fin pouri pwòp peyi yo
Pou yo ka di nou pi malad ke yo

Sa pa enposib
Pou nou t a ka fè Ayiti klere
Sa pa enposib
Pou nou travay men nan men
Malgre metye nou pa genyen

Kite peyi m – poze
Politisyen – poze
Woy manifestasyon – poze
Jean Raymond
Plezikanaval

Oh oh oh Kite l mache
Oh oh oh
Ann fè on konparezon

Si gouvènman bò isit te tankou lekòl timoun
Politisyen k ap fè dezòd yo t ap oblije pran baton
Pase pou vale, vale vale kòb ke yo vòlè
Yo t ap pran on vale vale vale kout baton

Se sak fè peyi a cho – peyi a cho
Se sak fè peyi a cho – peyi a cho cho
Se sak fè peyi a cho – peyi a cho
Peyi a cho

Si gouvènman bò isi te tankou ekip foutbòl
Lè yo fè demagoji yo tap pran pil katonwouj
Paske pou valè vale vale vye aksyon yo fè
Yap pèdi on valè vale vale defansè

Enposib – woy
Anba dèlma – woy
Site Solèy – woy
M tande bèlè – woy

Se pa tout sa k vire k bay van
Tout sa k vire k bay van

Fanatic chanmas èske toupi bay van – non
Fanatic Jacmel eske yoyo bay van – non
Fanatic Enposib vantilatè bay van – wi
Nou su l bay van – wi
Sa w di m la

Vantilatè – mouchwa n anlè
Vantilatè – vire vire
Vantilatè – tcha tcha n anlè
Vantilatè – vire vire
Vantilatè – chemizèt anlè
Vantilatè – vire vire
Vantilatè – drapo n anlè
Vantilatè – en en en enposib

Woy
Lasalin – cho woy
Moun Okay – cho woy
Kap Ayisyen – cho woy

Se pa tout sa k vire k bay van
Tout sa k vire k bay van

Fanatic Petyonvil èske toupi bay van – non
Fanatic Kafou eske yoyo bay van – non
Fanatic Enposib vantilatè bay van – wi
Nou su l bay van – wi
Sa w di m la

Vantilatè – kepi n anlè
Vantilatè – vire vire
Vantilatè – tcha tcha n anlè
Vantilatè – vire vire
Vantilatè – mayo m anlè
Vantilatè – vire vire
Vantilatè – les mains anlè
Vantilatè – en en en enposib

Manman men plezi a

Enposib rive nou met tout moun an penpan
Pase bò nou met timoun an penpan
Rive sou chanmas nou met granmoun an penpan
Rive devan Rex tout tiblòdè yo an penpan

An penpan (2x) – Enposib la
An penpan (2x)
An penpan (2x) – woy ti medam
An penpan (2x)

Enposib rive nou met tout moun an penpan
Rive rue dèkazèn nou met timoun an penpan
Woy woy bò palè tout gèp yo an penpan
Devan kontribisyon tout fanatik yo an penpan

An penpan (2x) – moun ki sou stand yo
An penpan (2x) – chanmas
An penpan (2x) – blòdè resan m yo
An penpan (2x)

Chofè kamyon
Sonnen devan cha a

Si gouvènman bò isit te tankou lekòl timoun
Politisyen k ap fè dezòd yo t ap oblije pran baton
Pase pou vale, vale vale kòb ke yo vòlè
Yo t ap pran on vale vale vale kout baton


BIOGRAPHY
  • Après avoir quitté son pays natal pour Montréal, en 2012 Medgy Toussaint a crée le groupe Enposib, avec l'aide de Patrice Cave. Avec son inséparable guitariste, Nicolas Millet, le duo a comme mission de faire de leur musique leur moyen pour aller á la rencontre des gens. Inspiré des sons de leur enfance, tel Taboucombo, Systemband et Slai, ils proposent un mélange musical entre la musique haïtienne, comme le zouk et le kompa, et la musique populaire. Ils n'ont pas leur langue dans la poche et assurent á leur fan un moment riche en émotions. Nous sommes tanné d'aller voir des spectacles où le public n'est pas considéré, pourtant c'est pour eux que nous jouons. Enposib est une expérience artistique, plus que de la musique, ils refont naître l'art du spectacle et du divertissement.