Nou Lage Bra Pandye [Kanaval 2017] • Vwadèzil

ADDED BY GEN11 (FEB 3, 2017 AT 9:10 PM) 14,636 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2017

M renmen wont mwen pa vle tonbe nan deran
Men, m pap bay karaktè mwen pou kakaaran

Yon rega patikilye
Fè m wè tout magouyè g on pati kilye
Yo depozeora
Yo pran iminite pou yo fè kaa

Depilò a nou lage bra pandye
Pèdi bann ak yon pakèt grenadye
Sak te ka ban nou yon pye devan
Nou voye y ale 2 pye devan

N lage peyi n nan men vòlò
Vòlò kase bra nou
Vòlò lage nou nan goumen
Goumen kase bra nou
Goumen lage nou nan mizè
Mizè kase bra nou
Mizè lage nou nan panyòl
Panyòl kase bra nou
(bis)

Leve vwa nou chante

Depilò a nou lage bra pandye
Pèdi bann ak yon pakèt grenadye
Sak te ka ban nou yon pye devan
Nou voye y ale 2 pye devan

Lè peyi w pa devlope
Di m kijan w lage
Nou lage bra pandye
Le peyi w pa gen w pye devan
Di m kijan w lage m mande
Nou lage bra pandye

Siklon lage nou - Bra pandye
Instabilite a kenbenou - Bra pandye
Nou leve bwa nou anwo - Bra pandye
Nou adore imajtaye n yo - Bra pandye
Dola a lage goud la - Bra pandye
Tet nou pati kite nou laa - Bra pandye
Nou kite peyi n tankou ingra - Bra pandye
N`al kanpe kote vi a gra - Bra pandye

Mezanmi ann avan
Pou nou gen pye devan
Si nou se ayisyen
Leve vwa n pou n leve bra nou

M bezwen peyi m g on pye devan
Pou nou soti nan bra pandye

Sak pandye ? - Bra nou
Sak pan bye yo - Se Bra nou

Moun ki pran bwa yo koupe
Sa k pandye yo se bwa nou
Devan tounen devan dèyè
Sa k pandye yo se bwa nou
Le lekol nou pa ka peye
Sa k pandye yo se bwa nou
Prezan nou ret nan avanyè
Sa k pandye yo se bwa nou (2 fwa)

M bezwen peyi m gen pye devan
Pou m soti nan bra pandye

Lè gen fon pagenijans
Lè gen ijans pa gen fon fo k ayiti reviv ?
Wi nou dako wi nou da ko wi
Nou deside fè elèv
Pou asire la relèv pou ayiti reviv ?
Wi nou dakò wi nou dakò wi
Pou bagay yo ka mache
N ap sispann boule mache pou ayiti reviv ?
Wi nou dakò wi nou dakò wi
Yon pwochen k ap byen aji
Dèyè l nou pap fè maji fò k Ayiti reviv ?
Wi nou dakò wi nou dakò wi
Sak pandye ?
Bra nou
Sa`kkoupeyo se
Bra nou

Moun ki pran bwa yo koupe
Sa k pandye yo se bwa nou
Le w tande yo boule mache a
Sa`k pandye yo se bwa nou
Moun ki pa konn inpotans bwa
Sa`k pandye yo se bwa nou
Le manman papa ap kriye
Sa`k pandye yo se bwanou
(2 fwa)

Traka pou prezidan
Mizè a kanpe dan
Politisye n ap fè pèdan
M`santi`m ta di yo fèmen dan yo (bis)

Lè gen fon pagenijans
Lè gen ijans pa gen fon fo k ayiti reviv ?
Wi nou dako wi nou da ko wi
Nou deside fè elèv
Pou asire la relèv pou ayiti reviv ?
Wi nou dakò wi nou dakò wi
Pou bagay yo ka mache
N ap sispann boule mache pou ayiti reviv ?
Wi nou dakò wi nou dakò wi
Yon pwochen k ap byen aji
Dèyè l nou pap fè maji fò k Ayiti reviv ?
Wi nou dakò wi nou dakò wi

Sa sa fè ?
Trez
Sa nou di vwadezil ?
Trè byen (4fwa)

Ebyen fè yo wè mayo yo
Di yo lari a trè zo kipe
Fè yo wè mouchwa yo
Di yo beton an trèzokipe
Fè yo wè kepi yo
Di lari a trèzokipe
Fe yo wè 2 bra yo
Di yo beton an (trezokipe 9fwa)

Fè bafiks monte (4fwa)
Fè bran ou retanle