Yo K Voye [Kanaval 2017] • 45 Soldiers

ADDED BY GEN11 (FEB 3, 2017 AT 4:13 PM) 10,836 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2017

[Intro-Prestans]
2 men anlè (2x)
Depi c mouchwa, mayo m' vle wè tout pran lè
45 di lap vini ti mesye kite pa l'
E si yo pa vle ba nou OG n' yo pete bal ( pow pow)
M' pa tande byen ,m' pa tande byen non (pow pow)
N' aprann two byen, nou pa kreten
Pou n' rive la n' fè anpil sakrifis
Kounya n' pral fete sou pakou a pete fedatifis

[Part. The voice]
Se chak ane nou jire pou n' fè moun danse
Moun kriye lè n' pa soti pou yo pyafe
Se tout moun ki mande anraje lè n' pa frape
Forty five pral' lage fè m' wè devan n' chaje
N' salye memwa sak tonbe yoo
Tou pa n' dèyè n' ap rekwaze yo
Devan kou dèyè jazz la chaje fè yo wè n'
Sou gran ri nap desann lakay nou kite pè n'

[Refrain]
Sila yo ki voye manje pou nou lè nou grangou
C yo n' pa met nan zafè n'
Nan peyi blan y' ap travay di pou yo voye ba nou
C yo n' pa vle met bouch nan
Zafè n'
N' bezwen bon likid la (yo voye)
Bèl grenn bannann miske a (yo voye)
Pantalon san fouk la (yo voye)
Lè bagay la di menm sak pa majè n' fè voye
Menm lè bagay la pa gwo (se yo ki voye)
N' ap monte lesyèl pa do (se yo ki voye)
Menm lè dèfwa yo pa rantre, se yo n' rele, pou bezwenn
(Se yo ki voye)

[Part. M.I.C]
Pouse n' ap pouse, filozofi nou rèd
Chak ane nou pot' on hit, devann mesye nou pap lèd (opa)
Chak sa n' drop w fè nou 3 pa, si w nan foul la leve menw
Si w renmen kanaval lakay, prese vit vin bwase ren w
N' pote gete a, gete a
Nou chofe n' pran trofe a
Tout sa k' ap banbile, konnen byen nou se mezi bouda
Yo voye manje enpòte
Ba nou yo voye depòte
Ann batay pou n' chanje sa, fò n' pa bliye pitit kiyès nou ye

[Reprise: refrain]

[Part. Freedy]
Afè voye sa, ant fi ak gason konn gen gwo diskisyon
Sitou nan fwaye zen konn pete, e menm kreye divizyon
Nèg kite fanm New York paske l' pa k voye
Fanm kite Nèg isit, paske l' pa janm voye
Gen Nèg ki pa pa chich men fòk fanm li voye anvan pou li
Fon w jan met kran bay san pou li
Nou konn fanm pa di, men fòk nèg la kanpe pou li
Fon w jan met kran bay san pou li

[Choral]
Chak sa 45 pote yo potko wè l'
Moun ki pou ta mete n' sou kote a, n' poko wè l'
Menm si peyi a pa gen lajan
Nap di ti pèp la an avan
Vini pou nou, Teke pa
Sou pakou a, Teke pa
Moun sou stang yo, Teke pa
Fanatik yo, teke pa
Devan jazz la, teke pa
Dèyè jazz la, teke pa
Moun sou cha yo, teke pa, teke pa!
(Repriz)

Teke pa
Moun St Marc yo, teke pa
Moun Jakmèl yo, teke pa
Moun Gonayiv yo, teke pa
Dyaspora yo, teke pa
Peyizan yo, teke pa
Tout timoun yo, teke pa
Teke pa..

[Choral]
Dyaspora mande foure l' dans les affaires internes
Peyizan yo vle antre yo dans les affaires internes
Se yo ki espwa nou
Dèyè bannann yo se bwa nou
Foure yo dans les affaires internes
(Repris)

Teke pa
Sou pakou a, Teke pa
Moun sou stang yo, Teke pa
Fanatik yo, teke pa
Devan jazz la, teke pa
Dèyè jazz la, teke pa

Moun sou cha yo, teke pa, teke pa!
Woy woy
Senateur Dieupie,Bandeyè 45 Teke pa
Aide et actions, teke pa
Johane Raton, teke pa
Claudy Donet, teke pa
Sem Construction, teke pa
Le point transfert, teke pa
Teke pa

[Part. Freedy]
Si w santi n'ap byen pase leve men w frape l', pla pla!
Si w santi vibe la move leve men w frapel, pla pla!
Devan frape, pla!
Dèyè frape, pla!
A goch pla!, a dwat pla!
Tout moun frape, pla!
Si w santi vibe la move leve men w frapel, pla pla
Devan frape, pla
Dèyè frape, pla
A goch pla, a dwat pla
Ayiti ann aleeeeeeee

[Part. The voice& freedy]
Forty five s' on dife ki limen yo paka etenn li

(Woooooo, woooo, wooooh
Yo voye tè, nou la pi rèd
Yo voye dlo, n' limen pi rèd
Rele Ponpye, n' chofe pi rèd
Yo vle vante l', n' boule yo pi rèd
Yo voye dlo, nou la pi rèd
Rele Ponpye, n limen pi rèd
Yo vle vante l', n chofe pi rèd
Aaahh Fofa, boule yo pi rèd

[Part. Prestans]
Si w gen mayo, mete l' anlè
Si w gen kepi, mete l' anlè
Si w gen tchatcha, mete l' anlè
Si w gen chemiz, mete l' anlè
Ou gen mouchwa, mete l' anlè
Ou gen chemiz, mete l' anlè
Mete y' anlè nou pral vire!!!!

Vire l' anlè, vire l' anlè (vire l')
Fè yo pran lè
Vire l' anlè, vire l' anlè (vire l')
Fè yo pran lè
Vire l' anlè, vire l' anlè (vire l')
Fè yo pran lè
Vire l' anlè, vire l' anlè (vire l')
Fè yo pran lè

Ouvè, ouvè, ouvè!!! Ouvè l' a goch!
Ouvè, ouvè, ouvè!!! Ouvè l' a dwat!
Ouvè, ouvè, ouvè!!! Ouvè l' a goch!
Ouvè! Ouvè l' a dwat! Ouvè! 2 men anlè!
Khamaco, Dom Water ouvè!!! Ouvè l' a goch!
Jamais dodo, Baz Shama ouvè!!! Ouvè l' a dwat!
Patrick Moussignac, Platnum Ouvè!!! Ouvè l' a goch!
Real Normandie! Ouvè l' a dwat! Kanel, NBL! 2 men anlè!