Akrèk [Kanaval 2017] • Chalè

ADDED BY MASAKADIE (FEB 10, 2017 AT 5:34 PM) 11,222 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2017

Roodyman – papa chacha
Manno Beats – touch majic la
CJ – pou medam yo
Chalè

M pap janm sispann pale tout tan nou pa chanje
M te di nou fè bagay pou n voye deyò n pa aplike l
Gad nan kisa n tonbe, nan sa peyi nou ye
Menm on ti siklòn pase, se St Domeng k ap vin ede n

Ayiti Cherie ou gen de chay sou do w
Chay dola kap monte wo, ak politisyen k ap souse w
Ak Bondye delivrans lan pa lwen nou tou prè l
Men fòk akrèk nou tout wè l

Si w wè peyi m nan eta sa – se paske yo kanpe akrèk
Si yo pa bati lopital – se paske yo kanpe akrèk
Si n pa gen inivèsite – se paske yo kanpe akrèk
Si yo pa bay pèp la travay – se paske yo kanpe akrèk

Chak jou pase n espere – yon lè van chanjman sou nou l ap soufle
Malgre tout pwoblèm nan andure – nou pa dekouraje e n ret motive
Plis nou divize, se plis n ap degrade
Ann koupe tout akrèk k anpeche n kanpe
Pou peyi n avanse

Nou pa bezwen kriye
Nou pa bezwen rele
Ayiti gen pou l chanje
Menm si n wè gen gwo danje
Nou pa bezwen kriye
Nou pa bezwen rele
Ayiti gen pou l chanje
Menm si n wè gen gwo danje
Men fò n pa sispann priye

Oh oh oh oh oh oh - Ann fè ayiti reviv (se Chalè a tout moun rasanble)
Oh oh oh oh oh oh – sa ki t ap kriye siye dlo nan je
Oh oh oh oh oh oh – se djaz medam yo ak timoun yo ki rive
Oh oh oh oh oh oh

Ann ann ann ale

Tout moun ki pa sou gason kijan yo kanpe – a krèk
Blòdè k kanpe tou easy kijan yo kanpe – a krèk
Neg ki pa bay fanm lajan kijan yo kanpe – a krèk
Kijan yo kanpe – a krèk (2x)

Limena si w kanpe akrèk – devan w pral peye sa
Ti sousou si w kanpe akrè k – devan w pral peye sa
Politisyen si w kanpe akrè k – devan w pral peye sa
Madan marye si w kanpe akrè k – devan w pral peye sa

Devan w pral peye sa (3x)
Anh konsa w kanpe la
Devan w pral peye sa (3x)

Èske m mèt di pouki medam yo kanpe akrèk – kow kow
Neg trayi nèg pou fanm èske m mèt di n poukisa – kow kow
Èske m mèt di pouki anpil fwaye divize – kow kow
Nou vle konnen – kow kow
Nou ta renmen konnen

Foule beton an monte chalè a (4x)

Met bagay anlè
Vire (8x)

Sa Manno Beats gen la

Aplodi, tout moun aplodi
Aplodi, fanatic aplodi
Aplodi, tout moun aplodi
Aplodi, tout moun aplodi
Chalè

Sa Manno Beats

Roodyman s on nich gèp – pa touche, pa touche
M di Manno Beats s on nich gèp – pa touche, pa touche
Gade pou w wè m di w CJ sa s on nich gèp – pa touche, pa touche
Tonnè kraze m m di w Chalè sa a s on nich gèp – pa touche, pa touche

Yo pran nan gèp manman, yo pran nan gèp manman (4x)

Yo pran nan gèp manman, yo pran nan gèp manman (4x)

DJ k ap jwe la s on nich gèp – pa touche, pa touche
Nèg lari yo se nich gèp – pa touche, pa touche
An verite m di media yo se nich gèp – pa touche, pa touche
Tonnè kraze m pèp Ayisiyen sa a s on nich gèp – pa touche, pa touche

Mezanmi gad on soufrans rele

Woyyy
Gen twòp soufrans nan peyi sa
Wi nan peyi sa
Anmwey
Gen twòp soufrans nan peyi sa
Wi nan peyi sa
Bondye pou di yon mo (3x)
Pou Ayiti chanje li chanje li chanje

Tout moun ki pa sou gason kijan yo kanpe – a krèk
Blòdè k kanpe tou easy kijan yo kanpe – a krèk
Neg ki pa bay fanm lajan kijan yo kanpe – a krèk
Kijan yo kanpe – a krèk (2x)

Limena si w kanpe akrèk – devan w pral peye sa
Ti sousou si w kanpe akrè k – devan w pral peye sa
Politisyen si w kanpe akrè k – devan w pral peye sa
Madan marye si w kanpe akrè k – devan w pral peye sa

Devan w pral peye sa (3x)
Anh konsa w kanpe la
Devan w pral peye sa (3x)