Qui Perd Gagne [Kanaval 2017] • Boukman Eksperyans

ADDED BY GEN11 (JAN 24, 2017 AT 4:50 PM) 17,354 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2017
Produced by: Ted Gabriel Beaubrun

[1ère partie]

[Lead- Anacaona]
Caonabo!
Boukman Duty!
Makandal!
Viktwa!

[Chorale]
An nou rele Ayabonbe!
Endepandans lespri li ye
An nou rele Ayabonbe
Viktwa pou Lespri Ginen an

[2ème partie]
Peyi a debloke?
Pwodiksyon nasyonal?
Ou pa renmen sa?
Hein hein!

Timoun al lekol?
Lari a pwòp?
Tu n'aimes pas ça?
Hein hein!

Bay moun presyon?
Ensekirite?
Ou ta renmen sa ?
Hein hein ! Hein hein!

[3ème partie]

[Lead 1]
Nou devan
Nou deja devan
Nou devan
Nou devan nèt!
Hihihihihi!

[Lead 2]
Lakou sa a
Se lakou Ginen
Lakou sa a
Sou kontwòl Ginen yo!

[Choeur – Ayabonbe]
Se sa li ye
Ayabonbe
Se sa nou vle

[4ème partie]
Lè yo koulè nwa
Yo di wouj
Lè yo wè sèl la ble
Yo di l gris
Lè yo wè pil fatra
Yo di se flè
Nèg yo ap jwe yon jwèt à lanvè
"Qui perd gagne'

Lè nèg yo wè pentad
Yo di kòk
Yo wè krizokal
Yo di lò
Nèg yo pran labou
Pou béton
Nèg yo ap jwe yon
Jwèt lamizè:
Oooooooo...
Depi m' pèdi,
Se mwen ki genyen
Oooooooo
Nèg yo ap jwe yon jwèt 'qui perd gagne'

[5ème partie]

[Lead]
Alegba ouvè baryè a
Pou mwen rantre
Li tou ban mwen pwen an pou m bòne yo
Ah! Alegba e!

[Chorale]
Alegba wa ban nou pwen an
Pou nou bòne yo
Lougawou vole
Yo kase zèl yo
Pwen Ginen an move

[Lead]
Lougawou vole
Yo kase zèl a yo
Bann chòche yo
Vole
Yo kase zèl a yo

[Chorale]
Pwen Ginen an move

Yo pap ka janbe
Yo pap ka janbe kafou sa
Yo pap ka janbe l!

Oooooooo...
Depi m' pèdi,
Se mwen ki genyen
Oooooooo
Nèg yo ap jwe yon jwèt : 'qui perd gagne'

[Lead]
Ou menm ankò?
Se ou ankò?
Pa tounen ankò!