Haiti Devan [Kanaval 2015] • Black Parents

ADDED BY DIDIER (JAN 4, 2015 AT 6:28 PM) 22,249 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2015

Fanatik yo kontan Black Parents lan rive
Gade moun kap chante Black Parents nan kanaval
Ane sa nap patisipe
Granmoun yo pran danse timoun yo pran chante
Drapo nwa e vert Black Parents lan ap flote
Neg anwo yo neg anba yo
Neg nan nò neg nan sud tout kontan Black Parents lan rive nan Kanaval

Kanaval sonw terapi, terapi pep ayisyen
Anbyans gratis popilè, pou tout class soyal pou tout ayisyen
Bis

Mario Bass

Trò boule, Black Parents lan trò boule
Trò boule, Black Parents lan trò boule
Tout moun yo cho, fanatic nou yo cho
(Bis)

Ayiti’m nan bèl li pa boulèl
Menm si n son’w pèp ki rebèl
Ak on tiwèl de twa kout pèl nou ka fèl bèl
Ayiti’m nan bèl li pa boulèl
Nou bay tròp peyi gabèl
Si nou gen fyèl, met tèt ansanm poun ka fèl bèl

Mezanmi woy mezanmi woy, gen Bondye gen Bondye gen Bondye
Yo tap mande (2x)
Black Parents rive woy

Ayiti pou ayisyen eske’n dakò – nou dakò
Ayisyen pou ayiti eske’n dakò – nou dakò
Ayiti pou ayisyen eske’n dakò – nou dakò
Frape men nou (2x)
(2x)

Sak pa vle wè Ayiti’m nan – yo haha
Sak pa vle wè ti peyi’m nan – yo haha
Sak pa vle wè chanjman yo – yo haha
Ann avanse, pèp la chante pou yo
Sak pa vle refòm -– yo haha
Sak pa vle devlopman yo – yo haha
Sak pa vle pep Ayisyen’m yo – yo haha
An nou ale, an nou ale pou yo
Sak pa vle wè lajenès yo – yo haha
Sak pa vle wè etidyan yo – yo haha
Sak pa vle wè Black Parents yo – yo haha
Yo haha yo haha

L’homme propose Dieu dispose

Siw santiw gen problèm fòw rele – Jezu
Siw santiw atriste fòw kriye – Jezu
Siw santiw gen problèm fòw rele – Jezu
Jezu (3x)

Woy, (6x)
(2x)

Men twa jou gra sa (2x)
Fanatik pral bouje
Men twa jou gra sa (2x)
Timoun yo pral danse

Dat mpa pran gagann
Dat mpa bay gagann
Dat mpa pran gagann
Men gagann (2x)
(2x)

Men gagann (2x)
Men gagann (2x)
Men gagann (2x)

Oh oh oh oh oh

Kikikikikikkitel mache
Woy (20x)

Yo diw move
Black Parents Black Parents yo diw move
Ane sa papa Black Parents oh sou beton an na va wè yo

Black Parents rive, nan kanaval la nou prale
Black Parents rive, medam yo vle sekirite
Black Parents rive, nan kanaval la nou prale
Black Parents rive, medam yo vle sekirite

Enspekte ti Mamit, di simo pa koupe dread neg yo
Se medam yo ki pou kale tèt

Yap kale – tèt grenn
Yap kale – gro tèt
Yap kale – ti tet
Yap kale – medam yo kale vre
Yap kale – yo renmen kale
Yap kale – medam yo kale vre
Yap kale – yo renmen kale
Yap kale – tet gason
Yap kale – yo pran lajan
Yap kale – pou y’achte kalson
Yap kale – pou yo bay jenn gason
Yap kale – Medam yo kale
Yap kale – yo renmen kale

Woy 6x
Atake – atake (3x)
Nou pral atake yo
(2x)
Sin enpoze peyi’m mache atake – atake
Si timoun pa gen lekol – atake
Si pep la pa jwenn manje – atake
Atake – atake (3x)
Nou pral atake yo
Si yo enpoze’n manje – atake
Si n pa jwenn edikation atake

Men twa jou gra sa (2x)
Ayiti pral vole
Men twa jou gra sa (2x)
Timoun yo pral bouje

Premie jou m pase – bow
Dezièm jou m pase – bodow
Twazièm jou m pase – zobodobodobodopow

Dat mpa pran gagann
Dat mpa bay gagann
Dat mpa pran gagann
Men gagann (2x)
(2x)

Men gagann (2x)
Men gagann (2x)
Men gagann (2x)

Oh oh oh oh oh

Kikikikikikitel mache
Medam yo lage gouyad atè pou mwen
Men bann apye a
Ouvè de men’n, fòn rele bondye
Tout sa’n fè gen lapryè (2x)
Fòn rele Bondye (2x)
Fòn rele JaJah
Dread bredjen yo pap koupe (2x)
Fòn souke dread la (2x)
Tout sa’n fè gen lapryè (2x)
Fòn rele Bondye (2x)