Sa N'ap Di Yo [kanaval 2015] • Katchapika

ADDED BY VONSHI (JAN 9, 2015 AT 6:46 PM) 18,094 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2015
Produced by: G. Dolph

Respè pou tout neg ghetto Katchapika
Ancien bòs toujou bòs

Sa nap di yo – ak timoun yo kap vini demen
Sa nap di yo – sak gen metie ki paka jwenn pen
Sa nap di yo – inosan k nan prizon k pa janm juje
Sa nap di yo

Repeat again

Sa nap di yo – Jèn gason k pa vle vòlè kap brase
Sa nap di yo – jèn fi
Sa nap di yo – èv atis yo pa respekte
Sa nap di yo

Se pa jodia yap ba nou dwèt
Woule tete nou fè nou dous
Yo pran nou kouw bann ti bèt profite kite’n san resous
Poujan nou te solidè
Nou pran nan fo lidè
A kenz an n fè tansyon menm granmoun pa jwenn pansyon
Sa moutre’w neg yo pa gen plan pou Haiti avanse
Se ranse danse, neg sa yo sonw bann ensanse
Yo ap plenyen tout tou bouche
Fèn travay san n pa touche
Sou de zòrèy yo kouche
Gade konprann ou mouche

Sa nap di yo
Sa nap di yo
Sa nap di yo
Sa nap di yo tonnè

Tout sa ki pa vle peyim chanje – nap voye’l ale
Si lavi chè a pa bese – nap voye’l ale
Pèp ayisyen – wi
Esken pare – wi
Chache kivèt nou – bow
Kase fèy nou

Nou pral kase kase

Nou fè en nou fè de
Nou fè twa jiskaske n tonbe nan kat
Kòm pa gate nou pran pwa
Pwen nap monte tout ba
Nou vin dekrete la pèmanans nan lari a
Nou se jèn se devwa’n poun foure bouch nan koze a

Oh oh – yeah yon sèl nasyon
Oh oh – yon sèl peyi
Oh oh – yon sel peup
Oh oh – haiti pap peri
Katchapika

Sa nap di yo – ak timoun yo kap vini demen
Sa nap di yo – sak gen metie ki paka jwenn pen
Sa nap di yo – inosan k nan prizon k pa janm juje
Sa nap di yo

Repeat again

Sa nap di yo – Jèn gason k pa vle vòlè kap brase
Sa nap di yo – jèn fi
Sa nap di yo – èv atis yo pa respekte
Sa nap di yo

Moun kap manifeste pou lajan yo – sa nap di yo
Lè timoun yo mande san pral fè jodia – sa nap di yo
Polis yo kenbew ak bòz la nan men’w – sa nap di yo
Dirijan paleman ayisyen – sa nap di yo tonnèr

Sa wap di prezidan
Sa wap di depite
Sa wap di senatè
Sa wap di majistra
Gade eta mizè peyim nou chita ap volè kòb
Ou fin lekòl ou deplome ou paka jwenn yon job

Moun kap manifeste pou lajan yo – sa nap di yo
Lè timoun yo mande san pral fè – sa nap di yo
Polis yo kenbew ak bòz la nan men’w – sa nap di yo
Dirijan paleman ayisyen – sa nap di yo tonnèr

Ok ann ale ann ale
Non n pap rete dèyè
Sak rete se zafè pal

M sot nan tou made
M sot chèche lavi
Sèkèy batay la sou dom m sot benyen nan san
Pilolo
Ayibobo
M sot nan tou made
M sot chèche lavi
Sèkèy batay la sou dom m sot benyen nan san
Mpral rele san pitie bizongo bare mwen

G Dolph fè travay ou
M sot nan tou made
M sot chèche lavi
Sèkèy batay la sou dom m sot benyen nan san
Hey hey hey hey
M sot nan tou made
M sot chèche lavi
Sèkèy batay la sou dom m sot benyen nan san
Mpral rele san pitie bizongo bare mwen
Hey hey hey hey
Mpral rele san pitie bizongo bare mwen