May Kap Fèt [kanaval 2015] • Driguez MC

ADDED BY GEN11 (JAN 26, 2015 AT 11:27 PM) 19,647 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2015
Featuring: Feroce

Feroce ; yo Driguez
Driguez ; yeah Feroce
Feroce; m pwal poze kandidati wi man
Driguez ; kandidati! pouki sa?
Feroce; ah monche bagay serye m pwal pozel pou pwezidan
Driguez ; pou pwezidan ! ou deye pwan pow tou man
Feroce; tande'm

[Feroce]
Vote'm pou pwezidan peyi a
M pap janm vyole lwa peyi a
M pap janm kite lot nasyon antre lib andan peyi a
Nou met met espwa sou mwen avem nap genyen pari a
Nou we sim pwezidan ayisyen pap janm kite peyi a pou yal travay lot kote
Peyi a se pam se pow m vle retirel kotel ye a
Ou we sim pwezidan ayisyen pap kite peyi a
Pou yal travay lot kote
Tout zon ki bo fontye yo yo tout map fe asfalte
Ti pwoblem sen domeng lan aaaa map efasel

[Driguez]
Le nou bezwen pran pouvwa
Nou di sak pa verite
Men dep'in fin pran pouvwa
Nap bliye s'in egziste
Nap vini ak bel ti pawol pou vi'n fe'n dous kon dous malkos
Si'n raple tout sak t di wap we se may ke yo tap bay

[Driguez]
Yo t ban'n may pou nou vote
May pou dirije
Yo t di bagay yap chanje
Nou pwal jwen manje
Ti moun yo ap edike
La jenes ap ankadre
Nou pap gen pwoblem sante
Ni sekirite
Moun ki pov yap respekte
Vil yo ap tankou pari
Konya nou gran 2 je'n kale
Pou'n we c may yap fe
May yap bay

[Refrain]
Politisyen.dirijan.direkte yo
Koral; yap fe may
Paste.jounalis.etidyan yo
Koral: ap bay may
Ti bro.ti.lepe.ti medam yo
Koral: yap fe may

Nou pwan twop may
Mesye nou bay twop may.( rf.bis)

[Driguez]
May may tout kote
Menm anndan leglis kou gede
Neg salon kou neg serye
Nan bay may yo min serye
Menm jan ak anpil politisyen
Pou yo pwan vot nou yo fe may
Pou police aretew la ou met kwe mwen lap fe may
Machann yo menm ap fe may
Sipevize ap met may
Pou elev la pase lap fe may
Nan lanmou c santral may
Ti fanm lan fe tout may
Poul koupe poch ou
Ou sou koum sou menm bro ap fe tout may
Poul ka fok ou

[Driguez]
Cherie ou bel tankou beyonce
Koral( may kap fet)
Driguez;papi ou fre ou bo ti gason
Koral( may kap fet)
Map marye avow pou'm bow rezidans
Koral(may kap fet)
Driguez;ou we lajanm vi'n dim bel gason
Koral( may wap fe)
Driguez;ou we lanfom wap dil ou renmenl
Koral( may wap fe )
Driguez; wap pwan piki diw gen gro dada
Koral( may wap fe )
Driguez; lap pase krem lap dil bon grimel
Koral( may lap fe )
Driguez; non'm ap site wap di'w advesem
Koral( may wap fe )

Koral ;ou diw renmen peyi'w
Pou tan lajanl nan poch ou
Wap defann dwa peyiw
Pou tan lajanl nan menw .(bis)

Driguez; minis ale pwezidan rete
Koral( may kap fet )
Opozisyon an manifestasyon
Koral( may kap fet)
Driguez; otwou chanpyon mel plen dirijan
Koral( may kap fet)
Driguez; ou diw opoze epi wal deye minis
Koral( may wap fe)
Driguez; ou djaspora epiw pagen viza
Koral( may wap fe )
Driguez; misye dil bos lap trennen sou bouda
Koral(may wap fe)
Driguez;ou met gen yon milyon plim ou pap ka gon ka plim
Koral( may wap fe)
Driguez; oh oh apa se may kra kra kra
Koral( may wap fe)

Refrain ( bis)

Driguez; fo beatzmaker fo animate
Koral( tout moun sou may)
Driguez;menm vole ak fo rakete
Koral( tout moun sou may )
Driguez; taxi moto kap tann denye le
Koral( tout moun sou may )
Driguez; limena kap bay gol ak men
Koral( tout moun sou may)

Feroce; nan zafe may sa politisyen tonbe
Nan zafe may sa menm police tonbe
Nan zafe may sa anpil fwaye kraze
Nan zafe may sa peyi d'haiti kraze (tonne)

Driguez; ti lepe kap pase godrej yo
Koral( tout moun sou may )
Driguez;ti bro kap vin tann res bye yo
Koral(tout moun sou may)
Driguez;t medam kap pwete tchoula yo
Koral(tout moun sou may )
Driguez; fanatik kap pwan poz rape yo
Koral(tout moun sou may)

[Driguez]
Cheri ou t banm may sa
Mwen pap pwan menm may sa
Ou t vini ak may sa
Konya m pap pwan may sa
Koral( cheri ou t banm may sa
Mwen pap pwan menm may sa
Ou t vini ak may sa
Konya m pap pwan may sa ) koral (bis)