Lòbèy Pete [Kanaval 2015] • Team Lòbèy

ADDED BY DIDIER (JAN 31, 2015 AT 9:46 PM) 24,893 VIEWS EDIT

Lòbèy Pete [Kanaval 2015] • Team Lòbèy

Genre: Kanaval
Year: 2015
Featuring: Niska
Produced by: Ti Ansyto
Lyrics by: Team Lobey

Di yo sa nou menm nan Team Lobey nou sonnen’w lòt jan
Maestro

Lobèy la lage [4x]

Gio k

Se tande m tande Team Lobey pa nan kanaval
Tankou Messi k pa nan ajantin
Neymar k pa au Brezil
Piti Sesil ou panse l fasil
An demil douz nou vire’l tou won
De mil trèz men kijan yo fèl
De mil katòz e pa konsa
Twa zan deswit ou fè sa dejan
Nou met tronpèt yo met tronpèt
Yo fè lapli nou fè tanpèt
Nou fè remix nou fè dream mix
Sak rele posyon majik nan kanaval nou senk etwal
Devan palè nou jeneral, Maurice

Lobey la lage [4x]

Shit it’s Pooh Bear

Nou bouke, nou kanpe tout lòt peyi ap depase’n
Tout neg se depite senatè menm se pa pale
Haiti li lè li tan poun mete moun ki kalifye
Ki wè grangou ki bay manje popilasyon bezwen sante
Pa chita reve pouvwa pa chita
Neg anwo neg anba kit ou wouj kit ou nwa
Paleman tout machann tout ti resan
Nou tout sou menm kabann nan nou tout se Haiti

Nou rive [2x] – men lobey m tap pale’w la
Nou rive [2x] – fanatik demenn alè
Nou rive [2x] – men lobey m tap pale’w la
Nou rive [2x] – fanatik vin danse

Men sou tèt, men sou dèyè
Ekate janm ou,
Se shake shake shake Shake dada
[2x]

Se shake shake shake Shake dada

Ou pa renmen Team Lobèy – wap blow peyi a
Black la kouche lopital – wap blow peyi a
Prezidanm paka travay – wap blow peyi a
Raketè kanpe sou may – wap blow peyi a
Minista kap bòdèfly – wap blow peyi a

Met demenn anlè pou Haiti

Demen anlè frape – pla pla [4x]
Kenbe’l anlè

Toup toup – vire vire [3x]
Lobey pete bow
[2x]

Black la kouche lopital – wap blow peyi a
Prezidanm paka travay – wap blow peyi a
Raketè kanpe sou may – wap blow peyi a
Minista kap bòdèfly – wap blow peyi a

Demen anlè frape – pla pla [4x]
Kenbe’l anlè

Toup toup – vire vire [3x]
Lobey pete bow
[2x]

Depi Lobèy la ap pase fanatik mobilize
Medam yo mande anraje – channmas mande anraje
[2x]

Men sou tèt, men sou dèyè
Ekate janm ou,
Se shake shake shake Shake dada
[2x]

Se shake shake shake Shake dada

Maetro

Lobey pete – bow nou la pi rèd
Solèy pete – bow nou la pi rèd
Cameroun pete – bow nou la pi rèd
Jalouzi pete – bow

Nap mache [5x]
Nap mache pran yo [2x]
[2x]

Ou pa kapab fè back [2x] – gadon’w lobey manman, gadon’w lobey papa
[2x]

Natcom pete – bow nou la pi rèd
– bow nou la pi rèd
Vorb et fils pete – bow nou la pi rèd
Flesh Cann pete – bow nou la pi rèd

Nap mache [5x]
Nap mache pran yo [2x]
[2x]

Ou pa kapab fè back [2x] – gadon’w lobey manman, gadon’w lobey papa
[2x]

Di yo sa
Nou sonnen on lòt jan

Ansy, nou pral pou kat wi la