Tanperaman'n Chanje • Original Rap Staff

ADDED BY STEPPY (JAN 3, 2014 AT 7:22 PM) 14,564 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Ke Popoz
Year: 1990

Posse X :
Ou la la, sak fè m' kontan konsa
Ou la la, gade kijan kè'm an jwa
Tanperaman-m chanje, mwen sispann ranse
M'pran lavi a au serieux fason pou m' pa regrete
Toutes privilèges que Bon Dieu m'a donné
Mwen sispann fè macho, kounze a m' ap pouse pi wo
Lavi a twò bèl pou'm nan tout dekomokyèl
Ala yon mwen menm sa a papa, sa k' ta di sa
M'pa kale kò-m ankò, m'pa vag lekòl ankò
Papa'm avèk manman'm fè-m kredi
Kounye a yo wè-m pa crazy
Tout zanmi-m nan lari te konn rele-m « Ti crazy »
Kounye a lè yo wè-m yo sezi
Sa vle di tanperaman-m chanje

Refrain : Tanperaman nou chanje (4x)

Top Tchookko :
Si w' ta wè-m nan lari, ou pa ta ka di de mwen menm
Sa se yon patnè a ki kapab fè mal menm a yon mouch
Ou pap ka vini mete bouch pou moun ta di "wouch!"
Sou atitid anmwen
De pi kèk tan m'chanje tout abitid anmwen
M' toujou souryan
E pi vizaj mwen toujou briyan
Tout ti yanni pa eksite lòlòj mwen
M' pa pote tòj men w' pa bezwen yon mason lòj
Pou w' wè ke lespri-m pa fèmen nan kalòj
Men gen de bagay ke m' pi renmen e menm twa
Bondye nan syèl la pwochen mwen e rap la
M' ap bat pou m' mache dwat
M' pa frekante tout bwat
(Black sex gen anpil danje) m' pa sèvi ak latex
Menm prefere sèvi ak texte biblique qui di:
"Abstinance anvan maryaj"
Nan fason sa lavi-m gen plis chans pou li pa yon gaspiyaj
Men sitou m' rayi aji an blofè, en effet
Lè m'ap fè yon bagaz m' vle pou-l parfait
Se sak fè mwen fè yon fason pou m' toujou a lè
Nan tout randevou, m' ap mande ou èske ou
Pa wè ki jan sa fè bèl
Se konsa m'ye wi depi m' te deside mennen yon vi nouvèl

Refrain : Tanperaman nou chanje (4x)

MC Top Adlerman:
An han, mezanmi tanperaman-m chanje
M' ka di-n, paske nèg gen plis maturité
Se vre lè m' te fèt se pa konsa m' te ye
I'm sure MC Top Adlerman become more strong
Lè mwen te tou piti mwen te konn pipi nan kabann
Manmi-m met pampers nan dada-m pou m' pa mouye matla-l
Kounye a mwen vin jènjan mwen santi jan m' ka file fanm
Sa vle di manmi, papi, nèg vin gen plis maturité
Pèdi tan-m griyen dan'm pou nenpòt kisa
Bagay sa yo pa enpotan pou mwen kounye a
E l' ta bon pou yon moun reflechi ak lavni-l
Pou wè kijan y' ap reyisi nan vi sa a
Vraiment mwen santi chanjman
Poukisa w' ap pèdi yon bann tan
Paske MC Top Adlerman gen tan f'on pa an avan
An han, mezanmi tanperaman-m chanje
M' ka di-n, paske nèg gen plis maturité
Se vre lè m' te fèt se pa konsa m' te ye
I'm sure MC Top Adlerman become more strong

Money Honey Mike :
Mwen pap ranse, tanperaman-m chanje
Plis maturité, abilité lè m' ap rape
M' pa gen tan pou politik, tan pou polemik
Lavi-a twò kout e mwen bout avek tout kritik
Rumeur, railleur, malheur chak l'heure
Pou m' bay bon bagay, bon travay tankou tout rapper
Money Mike mwen tounen pou'm fè-w konnen
Micro sa, stylo sa, flow sa se pou mwen
Ou tande'm byen, ou renmen-m byen pa vre ?
Rayi-m, egri-m men pa di-m rap sa pa bon vre
Bon pawòl nan bon kreyòl lakay
Pratik, taktik, teknik voye mind la high, san pay
Ou pat kwè sa, men san ou mwen toujou la gras a Jah Jah
M' ap byen mennen anfen m' ap bwè kòb mwen
Vi lavi-m, jwi lavi-m avèk madanm mwen

Refrain : Tanperaman nou chanje (4x)