Bagay Dwòl • Original Rap Staff

ADDED BY STEPPY (JAN 3, 2014 AT 7:17 PM) 12,053 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Ke Popoz
Year: 1990

Baby One King:
Vin tande, vin koute
Tande kijan bagay yo dwòl
Bagay yo dwòl
An verite y'ap vin pi dwòl
Vin tande, vin koute
Koute kouman bagay yo dwòl
Bagay yo dwòl
De jou an jou y'ap vin pi dwòl

Posse X:
Jodi a nou menm jenès pa bò lakay
I megede megede chante pou tout moun pa bò lakay
Paske yo fè nou kwè ke nou menm nou pap janm ka bay
Sa granmoun lontan yo te konn bay
M' megede di se pa vre
Kondisyon yo vin mal men fò w'pa gen tèt fè mal
Si nou fè sa ki mal anpil fwa se paran yo k' fè mal
Yo konn kite lakay, megede megede chache travay
Nan peyi Tonton Sam, sèlman voye seza lakay
San yo pa konn ki tray n'ap megede megede pase lakay
Nou di fòk sa sispann paske nou bouke pase tray

Top Tchookko:
Je me demande qu'est-ce qui se passe?
Qu'est-ce qui se passe?
Nous sommes en train de constater que notre société se casse
L'égoisme et l'hypocrisie reignent
Les valeurs morales de jour en jour s'éteignent
On est obligé de vivre avec de faux amis
Qui partagent nos avis, nos habits, nos amis
Juste pour nous faire croire qu'ils sont pas là pour nous ganuler
Mais lorsque la table est prête, ils s'arrangent pour nous évincer
Veuille Dieu nous protéger de ces vicieux
Qui sont pires qu'un poison, très ambitieux
Par contre, il n'existe aucun antidote
Yo fè anpil bagay dwòl, mezanmi veuillez prendre note

Refrain:
Sa kap fèt? Yo bagay dwòl
Sa kap fèt, sa kap fèt? Bagay dwòl
Sa kap fèt? Yo bagay dwòl
Sa kap fèt, sa kap fèt, sa kap fèt?
Sa kap fèt? Yo bagay dwòl
Sa kap fèt, sa kap fèt? Bagay dwòl
Sa kap fèt? Yo bagay dwòl
Sa kap fèt, sa kap fèt, sa kap fèt?
Sa kap fèt? Yo bagay dwòl
Sa kap fèt, sa kap fèt? Bagay dwòl

Top Adlerman:
Sa kap fèt? Woy mezanmi m'wè bagay yo dwòl
Bagay yo dwòl, de jou an jou yo vin pi dwòl
Sa kap fèt? Woy mezanmi m'wè bagay yo dwòl
Bagay yo dwòl, de jou an jou yo vin pi dwòl
Fanm alèkile pa vle nèg ki sou de pye yo
Si w' pa sou kat wou yo di-w yo pap cheke
E yon lòt kote nèg bò lakay ap kraze-w
Y' ap fè tripotay pou lòt moun kab imilye-w
Mòn nan tounen yon dife kote peyi yo chofe
Paske nan tout kote gen pwoblèm kolektivite
Tou patou kote w' pase Ayisyen leve kont Ayisyen
Men yo pat janm wè si peyi a ap trennen
............. this is something they always say
E poutan se yo k'ap trvay pou kraze-l
Alors je me demande où se cache la loyauté
Car ces choses-là sont vraiment drôles
Sa kap fèt? Woy mezanmi m'wè bagay yo dwòl
Bagay yo dwòl, de jou an jou yo vin pi dwòl
Sa kap fèt? Woy mezanmi m'wè bagay yo dwòl
Bagay yo dwòl, de jou an jou yo vin pi dwòl

Don MC:
Sa kap fèt? Bagay yo dwòl
Nou chak gen anbisyon
Men nou konstate yon verite ki dwòl

MC BOP:
Mwen dòmi ak Jan, mwen leve ak Jan
Pèsòn paka vin motre-m kiyès yo rele Jan
Kit yo rayi-m, trayi-m, se pwòp zanmi-m ki vle enemi-m
C'est ça la vie: pi gwo zanmi-w se li k' trayi-w
Bagay yo dwòl, yo dwòl
Jenès an Ayiti pa gen ankadreman
Talan, talan, o wi yo plen talan
Sak te deja devan y' ap peze
Y' ap bay pawòl, y' ap fè tout sa k dwòl
Pousa kap vini yo pèdi tan poutan
Yo menm y' ap pouse pou pi devan, strikteman
Men comment? Pa gen liyezon
Ou poko wè kot match la red
Gen premye mitan, gen dezyèm mitan
E menm pwolongasyon ou pa konnen
Pèsòn pa konnen kiyès k'ap chanpyon
Bagay yo dwòl

Money Honey Mike:
Microphone check, microphone wreck
C'est mon tour, c'est mon jour so let me get with that flow
Yo you know my style, you know my name
Et ça va sentir, c'est le dernier .....
Let's bring a ............ above line
Pas étonnant, c'est évident that I get mine
Cause I get wreck like a ruffneck, tough nèg
Compétition, attention, he's back
No time to waste, no time to face phony MCs
Yum yum yum yeah, I eat them like cheese
Straight up and down cause I get down and get around
Avec mon style versatile, difficile to be crossed down
L'Original Rap Staff, un staff bien monté
Trésor, MC Top, Top Tchookko, Posse X et
Baby One King, Money Honey Mike
Pa gen lòt, pap gen lòt, pap janm gen lòt la
Us, ORS, dig it, dig it, or dig it not, you know I ma flow
Tout moun ansanm kick it!

Refrain:
Sa kap fèt? Yo bagay dwòl
Sa kap fèt, sa kap fèt? Bagay dwòl
Sa kap fèt? Yo bagay dwòl
Sa kap fèt, sa kap fèt, sa kap fèt?
Sa kap fèt? Yo bagay dwòl
Sa kap fèt, sa kap fèt? Bagay dwòl
Sa kap fèt? Yo bagay dwòl
Sa kap fèt, sa kap fèt, sa kap fèt?
Sa kap fèt? Yo bagay dwòl
Sa kap fèt, sa kap fèt? Bagay dwòl