Baby Tounen • Original Rap Staff

ADDED BY DIDIER (JAN 4, 2014 AT 1:55 PM) 9,527 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Kè Pòpòz
Year: 1990

[Wolf Cool MC]
M' songe lontan lavi-m te trè bèl
Kou lakansyèl ki chita nan syèl
Konsèy zanmi mete-m nan dlo
Fè-m vin yon nèg ki depann de alkòl
Menm sosyete t' ap pale de mwen dwòl
Jiskaske ti doudou ou vire ban-m do

[Refrain]
Baby, baby tanpri tounen, yeah!
San ou lavi mwen pa gen cham, oh no!
Baby, baby tanpri tounen, yeah!
San ou lavi mwen se yon dram, oh!

[Posse X]
Ou son fanm ki sweet, karès ou yo unique
Alors pourquoi veux-tu rompre notre histoire si romantique
Poutèt jalouzi ou vle ban-m panik
Pas d'panique, menm si situation an kritik
Se ou menm ki lesansyèl, ki mennen-m au septième ciel
Girl, c'est réel ou gen yon gou de myèl
Nan tout fanm ki sou latè pou mwen se ou k' pi bèl
Depuis qu'tu m'as laissé, lavi-m gen yon gou de fyèl
Je me mets à genoux et solicite ton retour
Ton retour dans ma vie ka mennen-m nan paradi
Pa fè tèt di, sinon m' ap krazy
Pa kite-m soufri, vin fè lavi-m fleuri
Fleuri tankou wòz k' ap boujonnen, pa bougonnen
Si w' va retounen, m' ap sispann penpennen
M' ap mennen-w byen lwen kote w' ap santi-w byen
Au Garage, dans les nuages, fè-w lanmou avèk raj

[Hook]
I wanna be your man
Don't you understand me, babe
You know it's for your love that I'm crazy
Don't you understand (3x)
[repeat all]

[MC Top Adlerman]
Heey! Ou ban-m, ou, ou, ou ban-m do
Ou pa wè w' mete-m a zero
Ou ban-m do doudou an mwen
Experyans lanmou-n tonbe nan dlo
Ou ban-m do, gad kijan m' tounen yon lamègzo
Ou ban-m do doudou an mwen, why?
Siwomyèl, toi dans la nuit qui me réveille
Avec ton odeur d'amour qui me rend fou
Lè m' ap gad kò-w, sen-w, bèl ti vant ou
Sa fè de tanzantan mwen anvi fè lanmou
Hear me now!
You are ......... mi family
Retounen doudou pou ban-m yon 14 kara lanmou
Ou ban-m do, ou pa wè w' mete-m a zero
Ou ban-m do doudou an mwen, di-m poukisa
Ou ban-m do, ou pa wè m' fin tounen yon lamègzo
Ou ban-m do doudou an mwen, oh non, non
Ou ban-m do, ou kap kontrole tout fòs mwen yo
Ou ban-m do doudou an mwen, I cry.

[Hook]
I wanna be your man
Don't you understand me, babe
You know it's for your love that I'm crazy
Don't you understand (3x)
[repeat all]

Refrain:
Baby, baby tanpri tounen, yeah!
San ou lavi mwen pa gen cham, oh no!
Baby, baby tanpri tounen, yeah!
San ou lavi mwen se yon dram, oh!