Manmzèl • Haiti Rap N Ragga

ADDED BY DIDIER (JAN 7, 2014 AT 8:35 PM) 11,547 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Match La Rèd
Year: 1990

[Supa Denot]
Wey Master DJI, son moman
Supa Denot tap tann lontan
Pou w' pale-l de Manmzèl (2x)

[Master DJI]
Lè Manmzèl ap pase gon lodè larouze
Kape suiv li dènye kote
Fè lòlòj ou soti, tranble
Son plezi pou m' gade janm manmzèl kap trese
Anba yon ti jupe byen plake, yon kache-peche
Pa mande Bondye pandan nou ta kwaze
Pou je nou ta kontre, lòlòj mwen ta vire, chavire

[Refrain]
Manmzèl, manmzèl (ala, ala yon manzèl) (4x)

[Supa Denot]
Kote m' pase mwen tande yo pale-m de Manzèl
Kote m' vire mwen tande yo pale-m de Manzèl
Manmzèl, son bèl tifanm kreyòl, woy, tete doubout
Tout flannè k' te nan zòn lan tap ba-l presyon, te kenbe-l bout
Se yon flè solèy pat gen parèy, nan pwen dout
Mwen di-l si w' pa nan Supa Denot, w' ap pran move shoot
Ti cheri depi-w believe me, mwen pap janm lage-w nan rout

[Master DJI]
Quand manmzèl se balance,
La nature rentre en transe
C'est un plaisir des senses
Qui frise l'indescence
Si par malheur manmzèl par son style chaloupé
Traverse la grande rue du quartier
Lèvres mouillés, jupe bien troussée
Embouteillage assurée
Circulation bloquée
Panique dans la cité
Attention carrefour danger
Men manmzèl ap pase, wooooooy

[Refrain]
Manmzèl, manmzèl (ala, ala yon manzèl) (4x)

[Supa Denot]
Se ton ti fanm k' ap byen mennen, pèsòn pat kapab fè-l frennen
Supa Denot, Master DJI, se sa nou te konnen
Manmzèl te bèl sou konn joumou k' ap boujonnen
Depi w' ta manke wè-l wa mache yon jan krab arenyen
Ti medam k' te sou zòn lan toujou ap bougonnen
Manmzèl-o lè w' ap mache ou fè flannen prèt pou goumen
Machin k' ap pase plede frennen lè w' sou chimen
Ou bloke ata Sanfil pase w' son fanm ki chill

[Hook]
Ye e e wa a a (7x)

[Refrain]
Manmzèl, manmzèl (ala, ala yon manzèl) (4x)