Koute Kèm • Dug.G

ADDED BY ZOKLO (OCT 31, 2014 AT 2:53 PM) 20,269 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2012
Featuring: Steeve Keed
Produced by: Haspen
Lyrics by: Dug.G

[Intro]
This is for the love of my life, girl (2)

[Refren (Steeve Keed)]
Ak li m apwoche f’on ti pwoche koute
Sam gen sou kè an mwen
Li pa fòse ni l pa fose tout se
Tout se lanmou an mwen
[2x]

[Verse I (Dug D)]
Men m’ kanpe nan jaden an cheri vin jwenn avèm
Met ti ròb saten an sonje’l gen koule krèm
Kou rivyè kap desann kèm louvri debatan
Cheri mwen pa ka tann, men aji vit kou satan
Mwen pral kidnape solèy la map fè l klere sèl pou nou
E m’pral plafonnen syèl la pou zanj yo pa rayi nou
Vin gade lanmè kè m wap wè lanmou kap neye
Pou ou map kraze bwat sekrèm montrew tandrès ke m sere
Lèw souri zetwal yo ou touye tankou solèy kap leve
Pou yon lòt jou kòmanse pou lavi mwen vle n rete soude
Pou lanmou nou prezève sa se kè m kap pale
Pye atè ak kikit ou soulye rèn ou toujou sanble
Fanm cheve fèy kokoye jaden ou m’vle sekle
Lè lapli ap tonbe nan kou ou map kroke
Menm si vil la t’a inonde pi bèl byen m’ap rete

[Verse II (Steeve Keed)]
Menm jan tout san’m sikile tout kote
Konsa m’anvi
Fè tout kòw tout nanm silpiye’m tout kote
Pouw dim konsa ou anvi m
Girl, tout veso m pare
Pou tann sa kap tonbe
E tout venn detire
Atè lonje pou ou bebe
Se yon batman yon pilsyon
Yon pasyon emosyon
Pa koute egri an aksyon
Mwen gen yon misyon
Pou ou bebe

[Verse III (Dug G)]
Mwen renmenw depi lavil rive nan pi gwo mòn lan
Yo mèt dim enbesil pou pitit mwen yo se ou kap manman
Mwen wè devan pot lanmou gen anpil moun pòv
Chak jou yap lonje bòl yo dèyè yon degouden love
Menm lè tout moun ap di li se saw pa ka konprann
Fanm sa pran tout sa yo di yon lòt vizyon li banm
Chak fwa mkanpe devanw kèm prèt poul eksploze
Ou se sèl grenn chedèv anm
Mwen pral metew nan yon mize
Nan kèm ou va ekspoze map kachew jouk anndanm
Nap fè yon melanj omojèn menm ADN menm jèn
Ou se tout sa mbezwen avèw mwen pa manke anyen
Ou met lajwa lè gen lapenn mwen se poumon ou se oksijen
Mwen ka sispann respire O2 ap toujou egziste
Se sel istwa ke Shakespeare pa t’ap janm enspire
Si Romeo, Juliette te la se ak nou yo t’ap aspire
Gade kijan mwen menm avew lanmou nou ape gaspiye.

[Refren]