Ou Dakò • Medjy Ayisyen

ADDED BY TIZER (NOV 21, 2014 AT 9:16 AM) 23,201 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Alèz
Year: 2012

[Intro]
Èske ou dakò

[Verse 1]
Cheri an n f’on konpromi
Mwen ta byen renmen ke nou viv ansanm pou lavi
Baby, tounen avè m tanpri
Sa ka rive m’fware ankò mwen pap ba w manti
Koute koute sa ka mache
M’ap eseye tout devire pou nou ret kole
Tankou on pye bwa nan yon lakou
E si tranbleman ta pase m’ap f’on chavire sou ou
E se vre ou t’ap pran yo gwo kou
M’tap dezole men m’ap toujou avè w doudou
E bebe, pa bliye mwen damou
Pa kraze relasyon sa a menm si mwen sou

[Pre-hook]
E cheri, eske ou dakò (hmm hmm)
Di mwen wi ou dakò (non)
Pran mwen pou n al f’on ti lanmou (woy)
O poko dakò, ebyen m’ap pale toujou

[Hook]
Èske ou dakò
Tounen tounen tounen nan vi m bebe
Men pa kite m, timoun yo ap pale
Èske ou dakò
Ou konnen byen ke mwen fidèl bebe
Sèl manti m’ka ba ou se si m di w m’ap chanje

[Verse 2]
OK, kounya m’bal pawòl kenbe
M’espere demen nou pral f’on ti pale
Men se vre, mwen renmen l anpil
E m’oblije di l sa l vle tande pou m pa pèdi l
Fanm se konsa ke yo ye,
Menm si yo konnen se BS se li yo vle tande
Men tande, on nèg pa dwe egzajere,
On trip pa ane m’panse sa ase
E se vre ou se kè mwen chouchou
Dezole si mwa dènye mwen te fè w fou
Nou kite, men fò n tounen doudou
Ou konnen m byen, m’son nèg ki jalou

[Pre-hook]
E cheri, eske ou dakò (hmm hmm)
Di mwen wi ou dakò (non)
Pran mwen pou n al f’on ti lanmou (woy)
Ou still poko dakò, ebyen m’ap pale toujou

[Hook]

[Bridge]
Oh…oh ou oh oh (shit brodeur)
Gad kijan fanm nan cute cute cute cute cute
M’anvi tounen avè l, refè lanmou avè l
Oh…oh ou oh oh (kèt)
Gad kijan fanm nan cute cute cute cute cute
M’anvi f’on ti bo pou li, f’on ti pase men sou li

[Verse 3]
M’renmen wè ou
De je m kale sou ou,
Ou ta di mwen nan klas m’ap swiv on kou
Mwen menm avèk ou
M’ap depale, m’fin fou,
Mwen pa menm bwè, ou ta di mwen fin sou
M’renmen wè ou
Tcheke anba bra m pou m wè si m santi bon
Gad nan pòch mwen pou m wè si m g’on ti bonbon
Mwen menm avèk ou
Menm si m te bon deja, m’poko santi m alèz
E si m te poze kou on ma kafe, m’pa ta pè pran rèz
M’renmen wè ou
J’ai parlé toutes les langues vivantes sur la terre
Fransè, Espanyòl, Kreyòl e Anglè
But sometimes I forgot my vokabilè
Don’t blame me, sa se efè fanm nan fè
Si puedo de la más, de chingo de la más
E si ou vle demen ou ka wè mwen tou sou Telemax
M’bliye di w cheri ke m pale Chinwa tou
Tching tchong tchang tchong
Gad jan fanm nan fè m fou

[Bridge]
Gad kijan fanm nan cute cute cute cute cute
M’anvi tounen avè l, refè lanmou avè l
Gad kijan fanm nan cute cute cute cute cute
M’anvi f’on ti bo pou li, f’on ti pase men sou li

[Hook]