Lavi Pòtoprens • Sissy

ADDED BY ZOKLO (OCT 20, 2014 AT 12:55 AM) 22,139 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2012
Featuring: Dutty Yep Nishishi

[Sissy]
Mwen deside kite pwovens poum rantre pòtoprens
Poum al bouske lavi poum fè rankont avèk destenm
M pa gen pèsonn ki kote m prale m pa menm konnen
Lespri se sèl sans kap gidem sou chemenm
Mwen chita nan bus la m santim tris ak dlo nan jem
Kite fanmi zanmi dèyè Chantal m pap janm bliyew
Plas mwen nan vit la m konsantre m obsève
Peyizan kap pase devan St-Jeanne rèv mwen m swete
M regrèt bèl vilaj mwen m kite
M fonw kout je dèyè poum gade
Chak segond mwen santim inpatiente
Lèm rive nan vil la m etone
[Dutty]
Bèl ti pitit di mwen kisa ou pot pou vann
[Sissy]
Padon mesyen non mwen pa yon machann

[Dutty]
Se kanpe mwen kanpe epi mwen obsèvew
Mwen wèw kanpe lontan ki kote ou prale
Eskew gen moun isit yon fanmi yon zanmi
Mwen menm m se nèg lari menm ka sèviw demen
Yon ti konsèy, pòtoprens vann ou li pa baw papye
Mache sou 13 ou pouw pa pile 14 ou
Anpil ladan yo se kouto 2 bò yo ye
Y ap fè fèt pou ou yo menm kap trèt ou
Yo bò kotew yo palew mal manje grenn jew
Yo se bwa danw ou se kras yap dekòtikew
Fè yon fason pou dwèt yo ka tonbe nan jew
Koute lespriw veye kote wap met pyew
Ou se yon jèn fi
Ou gen yon avni pasyans pouw preparew
Se pa tout dan k ri avèk kè ouvri k ta vle zetwal ou briye
[Dutty]
Bèl ti pitit di mwen kisa ou pot pou vann
[Sissy]
Padon mesye non mwen pa yon machann
Depi lè m desann machinn nan m wè tout bagay etranj
M wè twòp monte desann m kwèm kot peyizanm
Mwen santim nan touman m pako konn sa poum fè
M te kite lakay mwen lesprim byen dispoze
[Dutty]
Mwen pa gen kòb ak bèl kay poum baw
Wi m son w abitan nou tou lè 2 sou menm ray
[Sissy]
Mwen pa bezwen byen materyèl nan menw
Mèsi pou konsèy ki ka sèvim pou demen.

[Speech]