Tankou Manman’m • Dug.G

ADDED BY ZOKLO (NOV 2, 2014 AT 11:29 AM) 20,046 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Lyrics by: Dug.G

[Intro]
M’konnen sa map cheche a pa fasil
Men m’vle kontinye eseye toujou.

[REFREN]
Tankou manman’m m’bezwen yon fanm
Yon fanm ki sanble avèl
Tankou manman’m m’bezwen yon fanm
Poum tankou papa’m avè’l
Tankou manman’m m’bezwen yon fanm
Yon fanm m’konnen ki gen fyèl
Tankou manman’m m’bezwen yon fanm
Yon fanm ki trè natirèl

[Verse I]
Manman m’vle yon fanm tankou’w fanm m’ap pran an fòk li nan gou’w
Fòk se yon fanm ki gen kouraj epi k’ap debat ak raj
Ki p’ap pè chache travay menm lè se nan yon faktori
Ki p’ap kite’m vay ke vay kanmenm m’ap gen yon pakoti
Fanm kap banm valè ki pap bay lòt moun goute’l
Fanm k’ap goumen ak mizè san’l pa pèdi diyite’l
M’bezwen yon fanm kou manmanm fanm k’ap fè pitit mwen fyè
Se pa fanm kap poste anndan chanm ni nan flannen dèyè barye
Yon fanm menm si’l limena men ki pa nan zen makrèl
Fanm si l’al sinema se mari’l pouw we avel
Fanm ki respekte tout moun e ki pa pè pesonn
Se pa sèlman fè bèl moun fòk bote ak kalite konfonn

[Verse II]
Kou manman’m m’bezwen yon fanm si’m nan prizon ki ka ede’m
Ki ka blame’m ke’m gen tò oubyen ke’m gen rezon
Kou manman’m m’bezwen yon fanm
Ki pap imilye’m si’m t’a malad oubyen razè
Si’m revoke oubyen ke’m nan mizè
Fok fanm m’ap pran an l’gen pasyans pou’l tann yon pi bon jou
Se pa yon fanm ki san konsyans ni kap fèm fè joujou
Kou manman m fòk li gen afeksyon nan bon ni move tan
Se pa fanm si’m rate yon okazyon k’ap chanje’m nan dezyèm mitan
M’bezwen yon fanm plen kalite marye avèk bote
Yon byen kalkile byen konte ki ka antre tout kote
M’bezwen yon fanm ki pap fèm wont devan lasosyete
Ki pap veye’m tankou mont e mwen renmen libète

[Verse III]
M’bezwen yon fanm ki pa gen twòp repwòch m’konnen lòm pa pafè
Pou kè’l pa di tankou wòch fanm ak de men Bondye fè
Madanm pa’m lan dwe yon egzanp pou tout fanm bò lakay
Tankou anpoul tankou lanp limyè pou’l ye pou kay
Ak fanm mwen pral remarye a fòl merite sa
Se pa fanm kap fè’m pran kriz la tout bon m’ta swete sa
Fason m’pale gen moun ki di genlè ke’m pèdi tèt
M’bezwen yon fanm ki pa pè redi di kou manman’m Margarette
Sa map di la yo pa vle di ke’m vle yon fanm san defo
Men m’ap redi pou’l gen plis vrè pase kote ki fo
M’bezwen yon fanm lè’m an danje ki kapab kenbe men’m
Pou’m soti k’ap edem naje m’ap renme’l l’ap renmen’m

[Outro]
Margarette m’renmenw anpil
Ou banm anpil bon egzanp, e’m fye de ou
I love you man