Goal • Chalè

ADDED BY NATOU (JUN 24, 2014 AT 10:17 PM) 20,558 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2014

Chalè
Moman foutball rive tout ekip motive
Yo bien antrene pou ya’l fè fas kare
Match la pral kòmanse, fanatic mobilize
Lajan ap parie kiyès kap kale

Ole ole ole ole – leve drapo souke drapo
Ole ole ole ole – leve men yo pou bat bravo

Balon on santre, bèl trib bèl pas ap tonbe
Trible woule woule woule woule woule
Foutball bay kè kontan li bay kè sere
Sak te yo kanpe ki ekip wap chofe

Ekip pam nan se Bresil li ye – e ou e ou
Ekip pam nan Arjantin li ye – e ou e ou
Ekip pam nan Haiti li ye – e ou e ou
Ekip pam nan se Chalè li ye

Ole ole ole ole – leve drapo souke drapo
Ole ole ole ole – leve men yo pou bat bravo

Ekip pam nan se Almay li ye – e ou e ou
Ekip pam nan se Espay li ye – e ou e ou
Ekip pam nan Itali li ye – e ou e ou
Ekip pam nan se Chalè li ye

Ole ole ole ole – leve drapo souke drapo
Ole ole ole ole – leve men yo pou bat bravo

Moun a dwat yo – wey
Frape men’n
Moun a goch yo – wey
Frape men’n
Moun devan yo – wey
Frape men’n
Tout fanatic foutball yo – wey
Frape men’n

Ann ann ale pas a goch ann ale
Ann ann ale pas a dwat ann ale
Ann ann ale pas a goch ann ale
Ann ann ale Choute choute

Politik met kòw sou kote – sa se moman foutball
Manifestasyon fon’w poze – sa se moman foutball
Palemantè ou mèt fon’w ti pe – sa se moman foutball
Le mond antie mobilize – sa se moman foutball

Ole ole ole ole – leve drapo souke drapo
Ole ole ole ole – leve men yo pou bat bravo

Oh oh gòl (3x)
Bresil ba yo gòl
Oh oh gòl (3x)
Ajantin ba yo gòl
Oh oh gòl (3x)
Haiti ba yo gòl
Oh oh gòl (3x)
Ti Mario ba yo gòl
Oh oh gòl (3x)
Mano Beats ba yo gòl
Oh oh gòl (3x)
Roudyman ba yo gòl
Oh oh gòl (3x)
Chalè ba yo gòl