Joyeux Noel • Chalè

ADDED BY MASAKADIE (DEC 7, 2014 AT 1:06 AM) 28,691 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Featuring: Ti Jo

Ti Jo papa chacha, Jwaye Nwèl papa
Jan ti pol jòn la, sa pou’m swete’w
Triye
A chalè sa
Roodyman – Papa chacha
Manno Beats – Touch majik la
Ti Mario – Boss
Chalè

Nwèl la rive tout kote klere
Nwèl la rive imanite ap fete
Sivil kou militè grannèg kou malere
Piti kou gran, youn bay lòt respè
Se sèl fèt ki reyini tout moun sou latè
Nenpòt lèl ye a ou ka mache san ou pa pè
Nwèl se lanmou, nwèl se pataj, nwèl se sajès,
Nwèl se oh eh oh
Nwèl se danse, nwèl se chante, nwèl se piyafe,
Nwèl se oh eh oh

Jan Roodyman renmen kabrit – kot bouyon an
Aswè a se li k'ap kenbe’m - nan reveyon an

Joyeux Noël
Joyeux Noël
Joyeux Noël
Tout moun Bonne Année

Ding dong ding dong – wey
Men klòch la sonnen
Ole ole se nwèl la ki rive
Fanal yo bien klere, pidetwal ap tire
Reveyon tout kote
Anpil gwòg ap koule – wey
Men Ton Nwèl wi
Timoun men Ton Nwèl wi – woup woup
Men ton nwèl wi
Granmoun men ton nwèl wi – woup woup
Men Ton Nwèl wi
Medam men Ton Nwèl wi – woup woup
Men Ton Nwèl
Blòdè men Ton Nwèl

Pandan n'ap fete, m'swete tout moun lasante
Pou n gen fòs afronte lavi jan li ye
Pwosperite, sitou lonjevite
Pou nou toujou fete plizyè lòt ane
Pou tout sa ki malad, sa ki lopital
Tout sa k gen bezwen, tout sa k nan chagren
M swete’n Joyeux Noël, Joyeux Noël
Tout sak espere afè yo mache
Tout sa k'ap chèche, sa k'ape triye
M swete’n Joyeux Noël, Joyeux Noël

Manno Beats, chèf triye a, men Chalè

Ahn ahn an n ale,
M'pa vin pale papa – ban m chanpay la pou m fete
Ahn ahn an n ale,
M'pa vin ranse papa – ban m fanm nan pou m danse

Aprè on ane m fè m fin strese
Kounia se lè poum ka danse
Pase’m gwòg la, kale’m gwòg la

Oh oh apa Ti Mario te konn danse, m'ale
Ti Jo ou fin met chalè, w'ale
Haha
Tout moun Bonne Année