Bèl Konsèy • Beken

ADDED BY GEN11 (DEC 27, 2014 AT 5:13 PM) 22,690 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2014
Lyrics by: Beken

Ou chita la w’ap pale mal
Ou chita la w’ap radote
Tout lajounen w’ap pale anpil
Zanmi m pral ba w’ yon ti konsèy
Eskize m pou rete tande
Pran ti chèz ba w’ m prale pale
Ma va preche w’ la verite

Zanmi deja ou se gason
Ou paka nan tripotay
Depi w nan tripotay
Y’ap mennen w kay rakontè
Ou pral nan tribinal
Y’ap transfere w nan depo
Wa mande Bondye lanmò
An verite ou pap sa mouri

Se pa chita mache flannen
Fè bwodè tout lasent jounen
Epi’w konprann ou finn rive
Fò aprann byen ou se gason
Fòk ou travay pou sa manje
Men wi sa se pawòl granmoun
Beken k’ap preche an vedèt

Ou chita la w’ap pale mal
Ou chita la w’ap radote
Tout lajounen w’ap pale anpil
Zanmi m pral ba w’ yon ti konsèy
Eskize m pou rete tande
Pran ti chèz ba w’ m prale pale
Ma va preche w’ la verite

Zanmi deja ou se gason
Ou paka nan tripotay
Dan lavi gen tout metye
Chache yon travay ou fè
Al aprann kenbe goyin
Al aprann kenbe tiwèl
Al aprann kenbe mato
Piti kou l ye, la bon pou ou
Letènèl mete yon lanmè
Al aprann kenbe yon liy
An verite ou p’ap menm peye kontribisyon
Piti kou li ye wa va manje

Fò remake mwen menm Beken
M se yon nèg enfim
M kreye yon travay pou m fè
Fò remake mwen menm Beken
M se yon nèg enfim
M kreye yon travay pou m fè
M pran bwa gita m
M’ap preche w la verite
Nan tout kapital dayiti
Piti kou li ye fòk mwen manje
Se paske bouch mwen fann

Se pa chita mache flannen
Fè bwodè tout lasent jounen
Epi’w konprann ou finn rive
Fò aprann byen ou se gason
Fòk ou travay pou sa manje
Men wi sa se pawòl granmoun
Beken k’ap preche an vedèt

Ou chita la w’ap pale mal
Ou chita la w’ap radote
Tout lajounen w’ap pale anpil
Zanmi m pral ba w’ yon ti konsèy
Eskize m pou rete tande
Pran ti chèz ba w’ m prale pale
Ma va preche w’ la verite

Zanmi deja ou se gason
Ou paka nan tripotay
Depi w nan tripotay
Y’ap mennen w kay rakontè
Ou pral nan tribinal
Y’ap transfere w nan depo
Wa mande Bondye lanmò
An verite ou pap sa mouri

Se pa chita mache flannen
Fè bwodè tout lasent jounen
Epi’w konprann ou finn rive
Fò aprann byen ou se gason
Fòk ou travay pou sa manje
Men wi sa se pawòl granmoun
Beken k’ap preche an vedèt