La Vie • Ti Will

ADDED BY THEMAN (JUN 28, 2015 AT 12:47 AM) 19,886 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Inspirations
Year: 2015
Featuring: Gazman Couleur
Produced by: Ti Will
Lyrics by: Ti Will

[Intro]
Wey ya ya ya
Woh yo
Sa fè mwen mal

[Chorus]
Ann nou tchenbe
Fòn pa lage
Pa dekouraje
Tout tan gen lavi genyen lespwa

[Verse 1]
Yon bon jou, san w poko bat je w malè ka rive w
Sa pa vle di lavi fini
Mwen konen gen sa ki pèdi fanmi ak tout zanmi yo
Sa w son move souvni

[Chorus]
Ann nou tchenbe
Fòn pa lage
Pa dekouraje
Siye dlo nan je n lavi pa fini

[Guitar]
Woy non non

[Verse 2]
Lavi gen bon moman, move moman
Sa pa di pou n dekouraje
An nou tchenbe rèd pa moli
Gen manman ak tout papa ki peri
Timoun yo lage nan lari, de ran dlo nan je yap kriye

[Chorus]
Ann nou tchenbe
Fòn pa lage
Pa dekouraje
Menm si dèfwa nou vle dekouraje

[Guitar]
Ti Will hahaha
Ann kenbe tande, pa moli

[Horns]
Isi Gazman Couleur, haha
Men mwen ankò
Sergo, men pla men an

Pran lavi a jan li ye
Se pou w pran lavi a jan li ye - Pran lavi a jan li ye
Pran la vi a jan l ye – demen pa pwomèt pèsòn oh
Se pou w pran lavi a jan li ye

[Keyboard]

Pran lavi a jan li ye – ou wè jodi w pa konn demen
Se pou w pran lavi a jan li ye – demen pa pwomèt pèsòn oh
Pran lavi a jan li ye
Se pou w pran lavi a jan li ye – manman

[Keyboard]
Ayiti peyi m tchenbe rèd pa moli

[Guitar]
Ouh lala
E mwen Gazman Couleur

Pran lavi a jan li ye – ann tchenbe pa moli
Se pou w pran lavi a jan li ye – fòn pa dekouraje
Pran lavi a jan li ye – siye dlo nan je w
Se pou w pran lavi a jan li ye

Pran lavi jan l ye, se de jou wap viv
Ou wè jodi ou pa konn demen
E demen pa pwomèt pèsòn
Prann non prann non

Pran lavi a jan li ye
Se pou w pran lavi a jan li ye – fòn pa dekouraje
Pran lavi a jan li ye – Fòn pa dekouraje
Se pou w pran lavi a jan li ye

Gen anpil manman papa k tonbe
Timoun nan lari a ap kriye
Anpil zanmi fanmi k ale
An verite m santi m dezole
Prann non prann non

Pran lavi a jan li ye – demen pa pwòmèt pèsòn oh
Se pou w pran lavi a

[Outro]
Nou tout nou se Disip
Ti Will you’ll be there