Pa Rann Mal Pou Mal • Kenny Desmangles

ADDED BY TIZER (DEC 17, 2014 AT 3:27 PM) 25,865 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Full Sèvis
Year: 2014
Lyrics by: Kenny Desmangles

La la la la

[Verse 1]
M’konnen lavi gen konsekans
Lè w f’on erè li genyen repèkisyon
Wi mwen dakò, m’te fè ou sa k pa bon
Men se pa yon rezon pou w’ap fè m monte on mòn pa do

[Refrain]
Ou te di w padone m, still vle rete avè m
We moving on, we won’t look back
Men mwen reyalize pa gen senserite
Our love is gone, no more happiness

[Verse 2]
Wi mwen desi w, mwen ba w degou
Cheri m’antò e mwen ba ou tout rezon
Sa pa vle di pou w’ap fè mechanste
Pou yon senp erè, w’ap pwofite fè m peye

[Refrain]
Ou te di w padone m, still vle rete avè m
We moving on, we won’t look back
Men mwen reyalize santiman yo chanje
Our love is gone, no more happiness

[Keyboard solo]

[Verse 3]
Kijan fè kè w pa fè w mal
Lè w’ap gade yon moun ke w renmen ap soufri
Pou ki vanje, si apre sa ou pa jwenn satisfaksyon
Kè w still pa kontan

[Chorus]
Cheri pa rann mal pou mal (2x)
Dezole si m te fè w mal
Cheri pa rann mal pou mal
Cheri pa rann mal pou mal (2x)
Jan w’ap trete m nan pa nòmal
Cheri pa rann mal pou mal

[Verse 3]

[Chorus]
Cheri pa rann mal pou mal (2x)
Pou kisa w’ape pwije m konsa
Cheri pa rann mal pou mal
Cheri pa rann mal pou mal (2x)
Ou pa bezwen imilye m konsa
Cheri pa rann mal pou mal

[Trombone solo]

Two wrongs don’t make a right
Pa rann mal pou mal cheri

[Keyboard solo]

Baby, m’ap ba w sèvis wi
Full sèvis

Wo ho, kè w twò di baby
Tanpri pale avè mwen

Cheri, kè ou twò di…lache l

[Outro]
O cheri pinisyon sa a twòp pou mwen (oh oh)
Di mwen kilè santans sa a ap fini (oh oh oh)
Pwomèt ou ke mwen pap rekòmanse (oh oh)
I’ll never do you wrong again
Fè m gras baby, fè m gras
M’ape sipliye w tanpri fè doulè mwen fini
Ban m chans tanpri, ban m chans
If you say you still care, why make me suffer?