Mistè Damou • Yanick Étienne

ADDED BY DIDIER (MAY 12, 2020 AT 6:23 PM) 3,331 VIEWS EDIT

Genre: Folklore
Year: 1992

Ogèy fè nou tou de ap soufri
Nou pa pale chak jou n move
Kouri vin wè cheri kijan foumi ap fin bote lanmou n
Tankou se sik ki tonbe yon kote
Ki pa gen moun pou ranmase l
Depi twa jou n ap mal boule
Menm televisyon nou pa gade
Radyo pa jwe nou pa danse
Menm lè w pral benyen ou pa di mwen
Nicky cheri an n ale

Kot sa ap rive
Kot sa ap rive

Sonje byen n te di cheri
Ann sonde vi n ann fè mistè damou
Pou nou tou de ansanm nou viv nan yon sèl vi
Se ou k pou kwa m mwen k pou mizè w
Ou k pou bonè m mwen k pou touman w
Nan ou m ap viv cheri se nou kite
Nou tou de va mouri ( m pa ka kite w ale)
Kote w vle kite m ou k fin gate m fin abitye m
Ou k fin aprann mwen sa k renmen
Ou k fin moutre mwen fè lanmou
Nan ou m ap viv tout tan cheri
Ou k sèl soutyen m amour baby
Si ou kite m mwen si nou tou de mouri
M renmen w

Radyo pa jwe nou pa danse
Menm lè w pral benyen ou pa di mwen
Nicky cheri an n ale

Kot sa ap rive
Kot sa ap rive

Sonje byen n te di cheri
Ann sonde vi n ann fè mistè damou
Pou nou tou de ansanm nou viv nan yon sèl vi
Se ou k pou kwa m mwen k pou mizè w
Ou k pou bonè m mwen k pou touman w
Nan ou m ap viv cheri se nou kite
Nou tou de va mouri ( m pa ka kite w ale)
Kote w vle kite m ou k fin gate m fin abitye m
Ou k fin aprann mwen sa k renmen
Ou k fin moutre mwen fè lanmou
Nan ou m ap viv tout tan cheri
Ou k sèl soutyen m amour baby
Si ou kite m mwen si nou tou de mouri
I love you baby

Ann soude vi n ann fè mistè mistè lanmou
Pa kite ògey fè nou tou de ap soufri
Come here baby
Kiss me let’s make up
Pa kite ògèy ògèy fè nou separe
Mwen renmen ou ou renmen mwen