Pa Kale Kò W Sou Mwen • Pedro Force

ADDED BY ZOKLO (APR 1, 2020 AT 10:38 PM) 4,702 VIEWS EDIT

Genre: Folklore
Year: 2020
Featuring: BIC

[Pedro Force]
Pa kale kò w sou mwen la
Si w wè w gen mwayen pase m
Nou tout egal ego
Se menm san wouj la kap koule
Ou ka gon milyon dola
Poutan w pa janm viv lasante
Mwen menm m pa gon dola Ayisyen
E m pa janm santi on tèt fè mal
Son fason pou m di w pa gen siperyorite
Ekonomikman ou ka pi avanse
Lavi pa gen pouse kò nou tout son sèl kote nou prale

[Kè]
Pa kale, pa kale kò w sou mwen tande
Pa ouvè kò w sou mwen tande
Lavi pat di w jan l tap kreye w
Li pa janm di w kilè l ap retire w

[Pedro Force]
W ka wè w yon bèl grimo
Mwen menm m se yon ti nèg nwè
Nou pa manje menm manje
Poutan nou pale menm jan
Ou ka gen bèl milatrès avè w
Bèl machin w ap monte desann
Mwen menm m gen vye malerèz mwen an
Sou de pye nou n ap chèche lavi
Sa pa anpeche nou pran menm lanmou an
Menm ti dous la, menm ti sik la

Pedro Force li ye
Se BIC li ye
Oh oh oh oh oh oh

[Kè]

[Bridge]
Pa kale pa kale kò w sou mwen tande
M di pa pouse, pa pouse kò w sou mwen tande
Lavi a se de pasaj tout moun ye ladan l oh
Lavi a se yon ti tan n vin fè sou tè sa oh
M di pa kale, pa kale kò w sou mwen tande
M di pa pouse, pa pouse kò w sou mwen oh

[Kè]

Ohhh ohh ohh – pa kale, pa kale
Ohhh ohh ohh – pa pouse, pa pouse
Ohhh ohh ohh – pa kale, pa kale
Ohhh ohh ohh – pa pouse, pa pouse

[BIC]
Ou posede dis, m posede kat
Ou ka pose on tig pandan l posede on chat
Ou posede richès, imilite pa fè bri
Ou ka posede latè men sajès pa gen pri
Gen plis onèt nan bay ke nan mache resevwa
E menm le pòch mwen ta vid m ap rete yon rezèvwa
Ou ka posede yon gwo lopital men wal vale batistè w
Nan yon gwo malabou kwabosal
Ou posede pen li posede pat
Lavi di nou ke nou pa chen, lanmò monte nou kat pat
Ou posede byen, se trè byen
Men nan lis moun ou ede yo se konbyen
Ou pa bezwen kale kò w dayè kò w fèt tou kale
Pa bezwen laye kò w fè aksyon w pa pale
Pa bezwen pouse kò w li ka pouse kò l poukò l
Fe sèvis nan bonte kè w pou w pa bat pou w pa kale
Ou posede dis, m posede kat
Ou ka pose on tig pandan l posede on chat
Ou posede richès, imilite pa fè bri
Ou ka posede latè men sajès pa gen pri

[Kè]