Nou Mechan • Wadner Peyizan

ADDED BY GEN11 (JUN 16, 2019 AT 7:15 PM) 6,973 VIEWS EDIT

Genre: Folklore
Year: 2019
Lyrics by: Wadner Peyizan

[Vès]
Pwovèb la di se chyen k konn manje chyen
Ebyen kounya m wè moun ap manje moun
Lavi ti neg kounya pa epanye
Akòz de lòt mwen konnen k bezwen pouvwa
Nou mechan mesye n mechan
Men poukisa nou pa konsyantize nou
Yo di lajan te konn fè chyen danse
Ebyen kounya l fè lèzòm danse petro
Lajan fè pèp kounya achte lanmò
Nan rele viv san pa konnen pou ti monnen
Nou mechan mesye n mechan
Men poukisa nou pa konsyantize nou

[Kè]
Pa mande m pou m chante lè lanati fache
Pa mande m pou m chante lè gwo van ap soufle
Paske m wè se menm nou menm nan kap detwi m
Paske m wè se menm nou menm nan kap detwi m
Pa mande m pou m chante lè gwo dlo ap pase
Pa mande m pou m chante lè latè ap tranble
Paske m wè se menm nou menm nan kap detwi m
Paske m wè se menm nou menm nan kap detwi m

[Vès]
Lapolis oh fò n manyen kale je nou
Pou nou sonje nou soti nan mas pèp la
Di m konbyen fwa nou wè yo ti milat
Vin entegre l andan PNH la
Nou mechan mesye n mechan
Men poukisa nou pa konsyantize nou
Nou menm bandi k ap fè vyolans sou pèp la
Fò n pa bilye nou se pitit lamas la
Olye n defann ti pèp la k ap soufri
Men nou pito defann pwòp enterè nou
Nou mechan mesye n mechan
Men poukisa nou pa konsyantize nou

[Kè]

Lè wap detwi jounalis sa w fè ou mechan
Lè wap detwi etidyan sa w fè ou mechan
Lè wap kreye lavi chè sa w fè ou mechan
Ou mechan ou mechan ou mechan
Lè wap masakre on pèp kap soufri ou mechan
Lè wap bay pèp fo pwomès saw fè ou mechan
Si w pa vle m revandike sa w fè ou mechan
Ou mechan ou mechan ou mechan

[Kè]

[Outro]
Laniti gen pou l fache pou sa la