Imilyasyon • Beken

ADDED BY DIDIER (MAY 10, 2020 AT 11:43 AM) 1,251 VIEWS EDIT

Genre: Folklore
Year: 1989

Wi m pran bwa gita mwen pou m chante pou nou
Pou ou menm ki kouche lopital ki nan touman soufrans lapèn
Pou ou menm ti peyizan k ap sekle plante pa janm tonbe

Wi se Ayisyen mwen ye
Vye cheve m tou grenn
Men wi se Ayisyen mwen ye
Mwen renmen peyi mwen tankou tout moun
Depi lontan gran papa mwen toujou ap di m
Fòk m aprann viv nan peyi mwen
Se sa ki fè lè m rete m gade lakay
Sa fè m sonje gran papa mwen

Mwen se Ayisyen mwen nan peyi m
Mwen pap travay sa fè mwen mal
Mwen gen fanmi a dwat a goch
M pa sa manje lamizè ap fin tuye mwen

Mwen ap fini granmoun ak yon pòch sigarèt
Yon boutèy kleren blanch pou fè m dòmi
Mwen gen lontan ak yon sandal
Yon vye kanson zanmi ban mwen
Mwen fè kòmsi m pa gen sousi mwen pran lari
M a la rechèch yon vye pwochen
Pou l te ka lonje men ban mwen
An giz sa menm se imilyasyon m ale chèche
Mwen bouche nen m mwen fèmen zye m
Paske m pa ka tiye tèt mwen
Mwen nan peyi m yon jou kanmenm fò m delivre
Men wi fò m delivre

Lalalalay lalalalay (6x)

Wi m ape mande si se paske m pa sot nan gran fanmi
Ki fè m pa ka jwenn yon vye job
Wi m ape mande si se paske
M pa gen siyati Ki fè m ap fin wonji
Oh pou mwen menm mizè m anpil
Mezanmi mwen ap fini granmoun ak yon pòch sigarèt

Yon boutèy kleren blanch pou fè m dòmi
Mwen gen lontan ak yon sandal
Yon vye kanson zanmi ban mwen
Mwen fè kòmsi m pa gen sousi mwen pran lari
M a la rechèch yon vye pwochen
Pou l te ka lonje men ban mwen
An giz sa menm se imilyasyon m ale chèche
Mwen bouche nen m mwen fèmen zye m
Paske m pa ka tiye tèt mwen
Mwen nan peyi m yon jou kanmenm fò m delivre
Men wi fò m delivre

Lalalalay lalalalay (6x)

Men wi fò m delivre
Gen yon jou fò m delivre