Zo Ranje • G Bobby Bon Flo

ADDED BY DIDIER (APR 13, 2020 AT 10:55 PM) 895 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2009
Lyrics by: G Bobby Bon Flo

[Verse 1]
Nou fè tout vi n sou do m nèg yo plus sou blo m
Se chak jou yap plede ban m fawouch yo pa ban m sa ki vo m
Poutet yo wè nivo m
Finalman yo ta renmen wè m tonbe anba katouch
M te dwe on fyète nan rap kreyòl daprè zak mwen
Si n te konn istwa m lè n antre nan glwa m
Nou tap di se on ka swisid ki vin yon flam vizib
Menm gen ki tap egri paske l pa mwen
Vi pa m pa eya papa louloup louloup
Sa se on presizyon sutou pou tout nèg rèd
K ap kite rankun fè yo avèg
Pi devan yap wè lespri yo kout san dout
Yo konnen m ap toujou Bon Flow
San di bonjou m ap toujou nan je w
Se chwa pa w si w vle degene
Men potansyalite a l oblije respekte

[Chorus]
M se on zo ranje
Si nan je w m danje
M anpeche w manje
M pap zanmi pa ou
Si bato w panche
M ap mande w chanje
E si m vle w vanje
N ap fè amikal
Ann aprann rekonèt sa k pou nou
San n pa bezwen fè lèd ak vi nou
M se on zo ranje
Si nan je w m danje
M anpeche w manje
M pap zanmi pa ou

[Verse 2]
Vi pa m se pa krik-krak ni tire kont
Ni l pa tik-tak egwi nan mont
Menm si m konn lè ap pase a mind mwen m ap bwase
Pou m monte mòn Hip-Hop pou m jwenn yon pant
Tòktòk frape nan pòt sa l fèmen ki mele m
On sèl zòk pa ka fè figi m fennen
Pou dat nèg ap trennen nan wout
Si jodya w rive di mèsi Bondye w lakay ou
Men sonje fè retro manje manje bliye
Se sa Ayisyen gen kòm defo
Ki fè yo fè defèt lè yo santi yo blow
Yo menm pran chofè tounen frèt pou yo tonbe nan dlo
Kèt oukwè on jou m ta pèdi flow
Granmèt èske w gen entansyon ban m do
Si w ta wè m ta vle fayi ak tach la
Ou mèt voye zanj ou pou ban mwen premye kout rach la

[Chorus]

[Verse 3]
Lavi Jay Z, Fifty pap diferan de pa m
Ni 2 Pac Biggie kit ou pat vin gade
Si l di m black wi sa vre m fyè e
M chame tout nèg nan zye m fè vèse lam
M Bon Flow se mwen k ap trase desten m
Kreyon m nan men m, m gen pou m fè lemond konnen m
Temond Remond konn byen
Tout bourik ba batay pou chwal galonnen
Kòman w ta fè wè Bon Flow tankou m
On mec black trè rèd nan rap, fè lèd mwen pap janm
Si ou te fè perte konsidere ou pat janm avan m
Gad jan m kenbe rap nan gagann
Kounye a se mwen k ap fè pepinyè
Tout vye tizè vle vin tankou Bon Flow, that’s me
Rap lejandè sa se kansè a
Chak jou k ap manje kè an tout egri

[Chorus]