3M • Trouble Boy

ADDED BY ZOKLO (NOV 1, 2019 AT 6:06 PM) 7,007 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2019
Lyrics by: Trouble Boy

[Verse]
Dj touch envite m al fè kèk jou nan vil Okay
Li di m an al turn up an gran plantè an bon tokay
Nou fè le plan depi nan stasyon
Al nan pwovens g on lòt sansasyon
Pa nèg kapital se nèg andeyò
Al nan pwovens g on lòt sansasyon
Nou chaje sorofòs gen bwè gen bwè
N ap desann yo youn pa youn byen bwè byen bwè
Depi de lwen nou wè yon fanm byen bèl byen bèl
Gentan wè m pral byen pase m pral byen fèl byen fè l
Li di se Okay li prale mwen di ok ou mèt monte
San pase pa kat chemen nou kòmanse koze
Avan nou rive kat chemen m gentan kite stad koze
Bagay la du m pa ka di pou moun pa di m twò oze
Touch fon apèl rele chez matant di l kite de pwason sèt senkant
Li di l vle manje yon bon lanbi l pa vin gelée depi sèt senk an
Li pase tout tan avè m li fè m pase bon moman
E lè m tounen Pòtoprens li still ban m call mwen tanzantan
Yon bon matin l rele m li di m li ansent
Mwen di cheri non non pa ban m fent
M te gentan konnen ou pa ansent
Se pa pou mwen cheri se pa pou mwen
Woy woy woy woy
Papa fanm nan di m
Se swa m antre legliz kanpe oubyen m antre legliz kouche

[Hook]
Manman fanm nan di m mawon marye oubyen mouri
Papa fanm nan di m mawon marye oubyen mouri
Manman fanm nan di m mawon marye oubyen mouri
Fò m chwazi mawon marye oubyen mouri

[Verse]
Tout fanmi l ap rele m ban m presyon sou presyon
Andan lakay mwen se tansyon sou tansyon
Menm kòmanse malad fyèv frison sou frison
Oh bondye papa pouki m pat pran prekosyon
M rele manman mwen m rele papa m
M met men nan tèt mwen m ap pote kwa pa m
Pèson pa tande m genlè m resi mele
Kè m ap plede sote m pè dòmi pou mwen pa leve
M ap mèg sou plas m vin pi lèd ke Boniface
M sanbl on grimas figi m tankou mandyan sou plas
Bon anj mwen vin di m se pa mwen ki responsab
Touch te pran moso pa l kou manje k separe sou tab

Santi m libere m jete dlo pap tout kite lavi dejwe m
M pa pran nan cho moun andeyò pa jwe ak pitit fi yo vre
Respekte pitit fi moun tande mesye adye
Yon bon matin l rele m li di m li ansent
Mwen di l non non pa ban m fent
Mwen gentan konnen w pa ansent
Se pa pou mwen cheri se pa pou mwen
Woy woy woy woy

Tou pran sa pou leson daw ou wè pitit fi moun pa jwe ak sa
Paske chak zo w wè nan lari s on vyann kite kouvri l


BIOGRAPHY
  • Lord Wensky Jolissaint, commonly known as "Trouble Boy" is a Saggitarius born on December 19, 1989. Being a passionate of music, it did not take long for the young rapper to get influenced and inspired by the American Hip Hop scene in the beginning of 2000. After the death of his mother in 2009, he launched his music career with his first single "Crank that Moto" which came out in 2011. Despite the fact that Trouble was then unknown to the public, his single received instant success.
    Trouble has since been the reflection of Creole Rap for the last few years. He is enthusiastic, productive; he has a strong attitude, and a strong urge to gain recognition. He gets his inspiration from his circle, his own experiences and feelings. His lyrics are well articulated and rich, combining relatable life experiences with unique punchlines. Curious and energetic like his zodiac sign suggests, Trouble boy has without a doubt found the perfect formula to satisfy his public. The young and the old are able to sing to his songs. With this same momentum, he released his first album entitled "Shut up epi tande" in 2012.