Byenvini Nan Lanfè (BIC Aswiv 4.0) • PIC

ADDED BY LILPETER3 (OCT 21, 2019 AT 1:13 AM) 5,733 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2019
Lyrics by: PIC257

Aprè 9 mwa ou vini se pou sa n tap priye
Men eske c paskew konn kotew fèt kifèw tap kriye

Haiti yon dlo dous kot pwason ka neye
Wa padonem men byenvini kote pèsonn pa vle ye
Kote pou yon jèn sou lekòl fòl ka'gon kèp
Poul netwaye chanm fòw sal salon pèp
Kote tout koriptè yo kache dèyon vès
Kote pou atis mete men'l nan pat fòl kache dèyon verse
Kote wap tonbe nan kouri avanw aprann
Mache kotew lèw grangou ou pwal anvi boule mache

Men nan ki lanfè mpral oblije wew kap grandi
W ap souri menw pwal dandi

M paka kwè yon ti zanj k bandi
Konbyenm pwal oblije desann poum montew
E sim pèdi chemen'm ki wout map wè poum montrew
Eritaj mwen prije, wa reziyew menm sil te ma a
Men siw t vin 10 ans plus tôt mte ka mennenw nan sinema

An atandan vin gad fo fim, tout sam fè pou pwofim
Ayisyen sou ayisyen kap plede fè gwo krim

M pat janm panse pou pot kwim
Pou janm plante pou pot fwim
Vin nan mizè ak tantasyon fè diferans pouw kopim

Byenvini kote yo pap di doktè a malad ou !
Byenvini kote yo ka baw tèt kwòt pou marabou
Byenvini kote kana boujwa ap stil pran tèt li pou zwa
Pandan gouvènman pran tab pèp la pou malabou

NAN LANFÈ
Byenvini
NAN LANFÈ
Byenvini
NAN LANFÈ

Map swetew byenvini pandanm anvi ale
Wap gadem nan jem m wèw anvi pale
Nonm pa tap etone menm janm pap pral etone
Si m wè nan 10,15 zan e mwen anvi kale

Ou fèt nan perles des Antilles vin gad etal
1er pèp nwa'k libere gad eta'l
Ti medam yo te 3 kounya yo 4 pedal
Jèn gason yo gen plis mès malgre'n pa gen katedral.
Wi se kote sam swetew byenvini

Fòw gen fòs, fòk ou djanm
Fòw grandi pouw byen vini
Kote sak byen kòmanse pa byen fini
Eskize'm ti zanj
Se nan lanfè sa map swetew byenvini

Aprè 9 mwa ou vini se pou sa n tap priye
Men eske c paskew konn kotew fèt kifèw tap kriye

Haiti yon dlo dous kot pwason ka neye
Wa padonem men byenvini kote pèsonn pa vle ye